Connect with us

Hi, what are you looking for?

Éducation

Bakaloreya pèmanan: se anseyan ki gen otorizasyon pou sa k ap ka entegre sant egzamen yo kòm siveyan ak sipèvizè

Bakaloreya pèmanan: se anseyan ki gen otorizasyon pou sa k ap ka entegre sant egzamen yo kòm siveyan ak sipèvizè
Getting your Trinity Audio player ready...

Bakaloreya pèmanan: MENFP raple se sèlman anseyan ki idantifye epi ki gen otorizasyon pou sa k ap ka entegre sant egzamen yo kòm siveyan ak sipèvizè.

Nan yon nòt li mete deyò, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) raple se sèlman anseyan ki idantifye epi ki gen otorizasyon pou sa k ap ka entegre sant egzamen yo kòm siveyan ak sipèvizè nan kad dewoulman bakaloreya pèmanan k ap demare demen lidi 18 desanm lan pou bout 22 desanm kote plis pase 35 mil kandida pral patisipe.

“Nan lide pou garanti bon jan dewoulman egzamen bakaloreya pèmanan an pou sesyon desanm 2023 a, ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) raple tout moun se sèlman anseyan ki byen idantifye e ki gen otorizasyon pou sa k ap kapab entegre Sant egzamen yo kòm siveyan ak sipèvizè. Se menm kondisyon sa yo ki dwe reyini pou anseyan yo kapab patisipe nan koreksyon kopi egzamen yo”, se sa nòt MENFP a di.

Nòt la souliye pou l di ministè a voye bay 3676 ajan edikatif imel ki konfime patisipasyon yo nan egzamen yo. Se menm moun sa yo ki dwe gen aksè ak sant egzamen yo.

MENFP pran an konsiderasyon kandida k ap viv nan kèk zòn dififisil ki ta gen gwo anpechman pou rive nan Sant egzamen yo. Li mande responsab Sant ki pi pwòch yo pou akeyi kandida sa yo pandan yo gen obligasyon pou drese yon rapò pou jistifye desizyon sa a.

Gen lòt posiblite ki prezante ak kandida ki ta gen anpechman pou ta konpoze. “Si malgre tou, yon kandida pa ta konpoze nan sesyson sa a, l ap kapab rive fè sa selon kalandriye Sant Pèmanan Evalaysyon an (Centre permanent de l’évaluation, CPEV, an franse) ap mete deyò”, se sa nòt ministè a di.

Nòt la fè konnen mezi sa yo pran nan objektif pou se sèlman pwofesyonèl ansèyman ki enplike nan pwosesis pasasyon egzamen ofisyèl yo pandan l mande direktè depatmantal edikasyon yo pou yo rete vijilan yon fason pou yo kapab fè respekte mezi sa yo pou sesyon egzamen bakaloreya pèmanan sa a kapab byen dewoule.

Bakaloreya pèmanan: se anseyan ki gen otorizasyon pou sa k ap ka entegre sant egzamen yo kòm siveyan ak sipèvizè

À lire aussi :

Un cardinal du Vatican et ancien conseiller du pape condamné à de la prison pour fraude financière

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Une visite émouvante au Lycée des Jeunes Filles, suivie d’un constat alarmant dans d’autres établissements scolaires de la...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Le pays rejoint la Coalition mondiale pour l’alimentation scolaire, soutenant l’éducation et l’agriculture locale. Haïti a officiellement rejoint...

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Ministè Edikasyon an kolaborasyon ak UNESCO ak PROGETTOMONDO pou ranfòse ansèyman matyè ki prepare jèn pou lavni. Ministè...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Vers une meilleure prise en compte des revendications dans le secteur éducatif. Le ministre de l’Éducation Nationale et...