Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Baselòn vs Reyal: Jean Pierre Étienne ak Kimberly Pierre pwonostike sou klasiko sa

Baselòn vs Reyal: Jean Pierre Étienne ak Kimberly Pierre pwonostike sou klasiko sa

10 zè boul (lè peyi Dayiti), Reyal Madrid ap an deplasman pou jwe nan “Camp Nou” an kont ekip FC Baselòn lan, nan kad 7è jounen chanpyona nan peyi Espay. Yon match ki toujou soulve deba, pawòl anpil ak efori bò kote tizè boul aletranje kou Ayiti. Nan sans sa, pou pote yon rega sou match sa, redaksyon Juno7 la te deside pale ak plizyè sitwayen, pami yo 2 gwo jounalis espòtif anpil moun konnen ki se Jean Pierre Étienne ak Kimberly Pierre.

Klasiko ant FC Baselòn ak Reyal Madrid se yon match ki toujou mete piman epi monte adrenalin tou 2 fanatik klèb sa yo, kote match sa toujou pouse moun ale parye, fè pwonostik, dèfwa dispit konn menm eklate jis rive nan goumen. Match sa vin prèske sanble rankont Ajantin fas Brezil, se rezon ki fè Emerson Paul, ansyen etidyan Fakilte Syanzimèn deklare ke match sa vin pran plas Brezil fas Ajantin parapò ak odyans epi atansyon ki fèt sou li.

Koze sansasyon, espektak, atansyon epi odyans lan, Jean Pierre Étienne ak Kimberly Pierre te abòde yo nan fason pa yo pandan yo chak te eseye eksplike nan yon kontèks ki diferan.

Pou Jean Pierre Étienne, otè liv “Au coeur des Grenadiers” match sa ap gen anpil enterè pou moun gade l. Rezon li avanse pou l di sa se paske 2 ekip yo p ap rive nan meyè fòm yo nan match la, kote Reyal Madrid sou 2 defèt youn kole ak lòt. Jounalis radyo Ibo a fè konnen Baselòn p ap byen rive non plis nan klasiko a menm kan yo te fon bèl viktwa kont ekip Ongwa a nan LDC kote l di ke viktwa sa pa yon referans.

Parapò ak tout sa yo, ansyen kwonikè espòtif TNH la fè konnen match sa ap gen piman ladan l. Li te pwofite ajoute pou l di se pral batay yon nouvèl jenerasyon anndan match sa kote yon bò Baselòn gen Pedri, Fati ak Trincaro epi an fas la gen Vinicius ak Rodrigo.

Kimberly Pierre ki se jounalis spòtif anndan Pacific, ki gen tou yon “live” li fè sou paj Facebook li chak jou, abòde sijè a yon lòt fason kote li fè konnen te gen anpil angouman pou match sa nan ane 2010 kote te gen Mourinho epòk sa ki te meyè antrenè ki te apèn chanpyon ak Enteris yo, te gen Guardiola, Cristiano epi Messi. Kimberly estime klasiko a pèdi filing nan ane 2018 apre Cristiano kite Liga a, Neymar ale an Frans. Pou jounalis spòtif la, klasiko a pèdi sansasyon, se sèl Messi kòm gwo sipèsta ki pral benyen nan match sa.

Byen avan klasiko sa, anpil bri ap kouri sou avni Zidane anndan ekip Reyal Madrid la si l ta pèdi yon twazyèm match youn dèyè lòt. Gen rimè ki menm fè kwè se Mauricio Poccetino ki ka vin pran kòmand ekip la. Yon bagay Jean Pierre Étienne pa kwè menn kan Zidane ta pèdi samdi sa.

“Pèsonèlman, mwen pa kwè plas Zidane menase menm avèk yon defèt nan klasiko a… mwen pa kwè 3 defèt youn dèyè lòt ka fè yo ranplase Zidane rapidman. Mwen kwè ke Florentino Perez ap tann toujou avan pou l ta rive nan sitiyasyon ekstrèm sa”.

Kimberly Pierre ale nan menm sans ak JPE pou l di: “Mwen kwè ke Zidane sou presyon, menm pa kwè klasiko a pral defini avni Zidane anndan Reyal Madrid. Menm lè Zidane ta pèdi, mwen pa kwè yo pral revoke l anndan ekip Reyal la, menm lè yon defèt ap mete l sou presyon”.

Pwonostik: Nil oubyen viktwa?

Depi apre dewoulman Lig Dè Chanpyon mitan semèn lan kote fanatik yo wè defèt Reyal lakay li, viktwa Baselòn yon lòt bò, anpil moun kòmanse ap pwonostike sou match demen an. Rony Charles, ansyen etidyan Syanzimèn pa wè l pa tande li ret kwè san jennen ke viktwa a klè pou Baselòn. Yon bagay ke Amazan Arthur, ansyen etidyan fakilte dwa pa apiye. Amazan ki se fanatik Baselòn plis pridan ke Rony kote l avwe nou ke se yon match 50-50.

Peterson Chery, ansyen jounalis Radyo Karayib ke nou te kontakte fè konnen premye gòl rankont lan ap make pa Baselòn. Fanatik Baselòn lan fè konnen tou se ap yon klasiko ak anpil sipriz malgre sa li rete konfyan ke avantaj la ap bò kote ekip li a, rezon li avanse ki fè l di sa se paske li estime Baselòn pa pèdi fasil lakay li.

Toujou sou menm koze pwonostik sa, Jean Pierre Étienne fè konnen li difisil pou pwonostike yon klasiko paske se yon match ki toujou 50-50. 2 ekip yo pral vini pou genyen match la daprè li, pandan l ajoute pou l di: “Nan yon moman si nil lan pèsiste, 2 ekip yo ap jwe pou match nil la paske se 2 ekip ki ap chache yo toujou, ki ap chache referans”.

Anpil lòt moun prèske ale nan menm sans ak Jean Pierre, se ka Emerson Paul ki di l pa wè favori ki fè l pwonostike nil san l pa bay skò a. Pakont, Peterson Desir, ansyen etidyan Fakilte Etnoloji di l ap fini nil sou skò 1a1.

Jounalis Kimberly kwè ke 11 FC Baselòn lan pi meyè pou ta bay pwoblèm pandan l tou fè referans ak Messi pou l di lè yon klèb gen zam sa ekip an fas la pa gon jwè tankou Cristiano Ronaldo se yon andikap. Toutfwa, sa pa pouse Kimberly di Baselòn pral bat pou sa, paske daprè li yon klasiko pa pèmèt yon moun di kiyès ki pral bat. Kimberly Pierre fè konnen li te ka di 50-50 men lè l gade ekip ki gen Messi ki ka delivre machandiz nenpòt moman, nan sans sa li bay Baselòn 51 epi 49 pou Reyal Madrid.

Larock Jamain ki son biznisman pa nan koze pwonostik li menm, li fè nou konnen li jis swete ekip li Real Madrid bat pou l ka lanse sezon l. Pandan ke Chris Allan Point du Jour ki se gwo fanatik Reyal rete kwè ekip li a ap pran 3-1 nan Camp Nou an.

N ap raple w apre 7 joune, Reyal Madrid twouve l nan 3è plas la ak 10 pwen pou 5 match jwe. Baselòn 10è ak 7 pwen pou 4 match jwe. Tout pye kòmanse kwaze pou tann match sa k ap kòmanse granm bonè demen. Ke meyè ekip nan match la fè diferans lan!

Dimitry Charles

Dekouvri plis:

Lucmane Delille tonbe kriye pou jan li wè ensekirite a ap pran chè

Plus de contenu

Actualités

Invité au palais de l’Élysée pour un dîner avec Emmanuel Macron, Kylian Mbappé a démenti avoir conclu un accord total avec le Real Madrid....

Sports

L’ancien sportif international brésilien Dani Alves vient d’être condamné ce jeudi pour le viol en 2022 d’une jeune femme dans une boîte de nuit...

Sports

Le départ de Kilyan Mbappé fait des remous et rebat les cartes du jeu en matière d’attraction du club parisien (PSG) Kylian Mbappé va...

Sports

Le président du Real Madrid annonce aux joueurs Madrilènes la venue de Mbappé pour la saison 2024-2025. Réputé dans la diffusion des informations liées...