Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Cardi B frape yon fanatik ak yon mikwo paske l voye dlo sou li pandan l sou sèn

Cardi B frape yon fanatik ak yon mikwo paske l voye dlo sou li pandan l sou sèn

Atis ameriken an Cardi B frape yon fanatik ak yon mikwo paske li voye dlo sou li pandan l ap pèfòme sou sèn.

Atis ameriken an, Cardi B, ki t ap patisipe yè samdi 29 jiyè a, nan yon konsè nan Las Vegas, pa t ezite frape mikwo l t ap chante a sou yon fanatik ki te nan foul la ki voye dlo sou li. Yon videyo ki pataje anpil kote sou rezo sosyal yo.

Selon enfòmasyon yo se yon fanm ki ta fè l sa. Choke, li pa t pran tan pou reyaji nan yon sèn ki te dire kèk segond. Aprè sekirite pwogram lan te desann nan foul la men videyo sa yo ki trè kout sou rezo a pa montre kisa k te gen aprè.

Sou Twitter, anpil fanatik reyaji pou felisite konpòtman Cardi B ki pa t kite aksyon sa pase. Genyen ki kwè li te tan pou atis yo reyaji fas ak move konpòtman kèk fanatik genyen.

N ap raple w konpòtman sa pa sèlman nan koze mizik. Fanatik konn genyen l tou nan estad foutbòl nan voye fatra sou jwè foutbòl yo, flache yo, di yo move mo elatriye.

Cardi B frape yon fanatik ak yon mikwo paske l voye dlo sou li pandan l sou sèn

En savoir plus:

Une infirmière américaine et son enfant enlevés en Haïti depuis le jeudi 27 juillet

Click to comment

Laisser un commentaire

Granmoun renmen li…timoun fou pou li…se yon dirikontan!
Quand le design rencontre la performance. Il y a tant de choses à apprécier dans la toute nouvelle MG RX5, avec ses caractéristiques extérieures élégantes et sportives et son intérieur élégant et confortable.

Plus de contenu

Monde

Pour les 4 ans de leur fille, Cardi B et Offset lui offrent 50 mille dollars en liquide L’extravagance dont font preuve les stars...

People

Cardi B offre 2 millions de dollars à son mari Offset pour son trentième anniversaire Les Stars ne manquent pas de nous surprendre. Dès...

Actualités

Cardi B offre une Lamborghini Aventador SVJ à son mari Offset pour son 29eme anniversaire C’est une habitude chez les artistes de gater leur...

People

L’ancienne stripteaseuse devenue rappeuse Cardi B veut divorcer de son mari, le rappeur américain Offset. Géorgie, États-Unis.- Leur relation mouvementée a été suivie de...