Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Claude Joseph di mouvman « Bwa Kale » a se yon imilyasyon nasyonal ak yon lòt echek pou Ariel Henry e mande pou pèp la remèt lapolis bandi ak zam yo

Claude Joseph di mouvman « Bwa Kale » a se yon imilyasyon nasyonal e mande pou pèp la remèt lapolis bandi ak zam yo
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Dirijan pati EDE a Claude Joseph di mouvman « Bwa Kale » a se yon imilyasyon nasyonal ak yon lòt echèk pou Ariel e mande pou popilasyon an pou li remèt bandi yo ak zam yo rekipere bay lapolis.

Nan kad yon konferans pou laprès pati « Les Engagés Pour la Développement (EDE) » bay jounen mèkredi 3 me a, ansyen premye minis Claude Joseph di li kore mouvman revandikasyon popilasyon kont ensekirite k ap vale teren anndan peyi a. Men dirijan politik la mande pou popilasyon aji ak entèlijans epi remèt bandi ak zam yo rekipere bay lapolis.

Ansyen premye minis Claude Joseph esplike mouvman dechouke bandi ki tanmen sou tèritwa nasyonal depi plizyè jou, se repons popilasyon an bay ak kriz divès fòm k ap sakaje peyi a. « Fas ak sitiyasyon malouk sa, pèp la dekrete koukouwouj kont ensekirite ak kidnapin. Pati politik ede ap felisite pèp ayisyen an pou kouraj ak detèminasyon li nan batay l ap mennen kont ensekirite ak kidnapin », dirijan politik la deklare.

Pandan li bat bravo pou travay fòs lòd yo ki akonpaye popilasyon an, Claude Joseph fè konnen « chwa souveren pèp la fè nan asire sekirite l nan plizyè katye se yon imilyasyon nasyonal ak yon lòt echèk pou Ariel Henry ki pa gen okenn lejitimite ak konpetans pou kontinye mennen bak peyi a ».

Claude Joseph di mouvman « Bwa Kale » a se yon imilyasyon nasyonal e mande pou pèp la remèt lapolis bandi ak zam yo

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Responsab pati EDE a rapouswiv : « pati politik Ede ap mande pèp la pou li aji anpil entèlijans. Ede ap envite pèp la pou l kontinye fè koukouwouj dèyè bandi nan tout katye epi remèt yo bay lapolis. Ede ap envite pèp la tou pou l remèt bay lapolis tout zam ak lòt materyèl yo rive sezi nan men atoufè yo ».

Claude Joseph soulinye tou se bon jan politik piblik k ap ede Ayiti atake tout kalite rasin ki lakoz kriz ensekirite istorik sa. « EDE kwè Ayiti bezwen bon jan politik piblik ki kapab bay timoun yo ak jèn yo yon lòt pèspektiv. Pati politik la kwè Ayiti bezwen bon jan inisyativ ekonomik ak sosyal ki pou kwape lamizè ak chomaj k ap fini ak popilasyon an […] », ansyen minis zafè etranje peyi a deklare.

Claude Joseph mande demisyon Premye minis Ariel Henry

Dirijan pati EDE a te pwofite konferans sa pou li mande popilasyon rele chalbare dèyè pouvwa Ariel Henry a. « EDE ap mande pou pèp la mete bon jan presyon sou Ariel Henry pou l kite pouvwa epi pou nan lespri atik 149 konstitisyon an konsèy minis yo chwazi nan mitan yo yon premye minis pou 30 jou », Claude Joseph mande.

Dapre responsab la, Premye minis pou ti bout tan sa ap gen misyon pou l jwenn yon konsansis ak tout fòs viv nasyon an pou fòme yon gouvènman. Antite sa, bò kote pa l, ap gen pou misyon kwape ensekirite, chanje konstitisyon peyi a epi òganize eleksyon, dapre Claude Joseph.

Claude Joseph di mouvman « Bwa Kale » a se yon imilyasyon nasyonal e mande pou pèp la remèt lapolis bandi ak zam yo

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

En savoir plus:

2845 personnes tuées et plus de 2000 cas d’enlèvements en Haïti durant ces 21 derniers mois, selon la FJKL

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Politique

Claude Joseph dénonce les manœuvres du gouvernement visant à saboter la mise en place du conseil présidentiel Le gouvernement démissionnaire a publié le décret...

Politique

Le Bureau de l’ancien Premier Ministre Claude Joseph note que l’ordonnance relatif à l’assassinat du Président Jovenel Moïse est inique. À travers un communiqué...

Actualités

Le parti politique les Engagés pour le Développement (EDE) annonce une nouvelle journée de mobilisation antigouvernementale pour ce mardi 13 février. En conférence de...

Actualités

Le parti politique les Engagés pour le Développement (EDE) invite le peuple haïtien à intensifier la mobilisation anti-gouvernementale. Des structures politiques haïtiennes ne cessent...