Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon dam fè tèt li pase pou siveyant epi vòlè telefòn elèv nevyèm ane nan lise “des jeunes filles”

Yon dam fè tèt li pase pou siveyant epi vòlè telefòn elèv nevyèm ane nan lise "des jeunes filles"

Yon dam fè tèt li pase pou siveyant, li vòlè telefòn ak lajan elèv nevyèm ane nan lise “du Cent-cinquantenaire” yo rele souvan lise “des jeunes filles”.

Yon dam moun pa rive idantifye fè tèt li pase pou siveyant yè lendi a nan kad premye jounen egzamen nevyèm ane fondamantal yo. Dam sa rantre nan yon sal egzamen, li kanpe devan sal la epi konpòte l kou siveyant, pandan kandida yo ap rantre li fè yo remèt telefòn ak lajan ki te sou yo avan yo rantre nan sal la. Aksyon sa pase nan lise “du cent-cinquantenaire” tout moun konnen sou non lise Jèn Fi.

Olivier Milord ki se responsab sant egzamen an ki t ap pale nan mikwo jounalis fè konnen dam sa te abiye byen pwòp, li twonpe vijilans moun sant lan. Olivier Milord ki responsab pati 2 nan sant egzamen an di li te mande dam sa byen avan li komèt zak sa nan ki pati l ap sive li te di l pati 2 nan sant egzamen an (aile 2). “Pandan timoun yo ap rantre nan sal yo, li di timoun yo li vin ranmase telefòn nan men yo. Li pran telefòn timoun yo nan men yo, li pran lajan yo”, detay direktè sant lan.

Dam sa yo pa rive idantifye non l te chape poul li aprè li fin fè zak sa, se kèk elèv ki pran nan anak dam sa ki te ale plenyen nan direksyon sant egzamen an ki t ap tou okouran zak malonèt sila.

Gen 201 280 elèv ki ap patisipe nan egzamen nevyèm ane yo. Pou elèv Pènye ak Tòsèl ki pa t ka konpoze yè akoz zòn sa yo te gen van panik ki t ap soufle sou yo, y ap kapab refè egzamen yo atravè Sant Pèmanan Evaliyasyon.

Sou tout teritwa a gen 930 egzamen. Depatman Lwès la genyen pou kont li 314 sant.
Jodia elèv yo ap konpoze nan Kominikasyon Kreyòl, Syans Sosyal ak Anglè.

Yon dam fè tèt li pase pou siveyant epi vòlè telefòn elèv nevyèm ane nan lise "des jeunes filles"

Dekouvri plis:

La rentrée des classes est fixée au 5 septembre 2022

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Plis pase 35 mil kandida pral patisipe nan premye sesyon bakaloreya pèmanan pou ane akademik 2023-2024 la. Premye sesyon bakaloreya pèmanan pou ane akademik...

Éducation

Les badges donnant accès aux centres de correction seront distribués à partir du lundi 7 août, annonce le ministre Nesmy Manigat. Après la passation...

Éducation

“Dyaman nan Bidonvil”, yon tèks Zafèm sòti nan ekzamen ofisyèl bakaloreya. Ekzamen ofisyèl bakaloreya fini jodi jedi 3 out 2023 la sou tout teritwa...

Éducation

Le ministre Nesmy Manigat satisfait du déroulement de la première journée des examens officiels de la 9e A.F. À travers une publication sur son...