Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Daprè yon etid, yon moun ki selibatè genyen 6 avantaj nan lavi l

Daprè yon etid, yon moun ki selibatè genyen 6 avantaj nan lavi l

6 bagay ki montre lavi selibatè pa konplike jan moun ta ka panse sa.

Anpil moun konn ap fè blag sou moun ki selibatè, yo renmen di kijan moun sa yo fè viv, lavi yo pa fasil… Yo souvan di sa tou pou montre jan lè moun gen mennaj sa bèl nan ap pataje bèl ti moman. Gen selibatè tou ki konn santi yo manke yon bagay paske yo pa gen mennaj oubyen yo regrèt paske relasyon yo te ladan l lan kraze.

Yon etid Enstiti Nasyonal Etid ak Rechèch Demografik (INED) pibliye sou koze sa montre plizyè avantaj nan lavi yon selibatè . Rechèch sa te fèt sou moun ki gen 26 jiska 65 lane. 2 lòt etid nan peyi Grès ki te analize pa Psychology Today fè yon lis 6 avantaj yon selibatè genyen nou pral pataje ak ou nan pi ba atik la.

1- Yon selibatè gen plis tan

Etid la montre nan repons selibatè yo bay la, yo deklare yo gen plis tan. Yo pa nan plede ap reponn telefòn, pou mennaj ap di ou anliy ou pa reponn rapid, fè pil tan ap fè womans dèyè yon telefòn. Yo fè sa yo vle pa gen yon moun ki pral ba yo apèl videyo pou konn kote yo ye oubyen di yo men akilè pou yo rantre lè yo sòti.

2- Ou gen pou okipe w de tèt ou

Yon moun ki selibatè pa gen enterè ap okipe l de moun. Sof nan ka li gen pitit, paran l oubyen yon moun pwòch. Men koze ap sousye l de mennaj pou ap mande l ou manje deja? ou panse m dwe fè sa? Cheri pa ale la? Ou pa gen okenn preyokipasyon sa yo alevwa pral di moun lan apa w pa vin wè m…

3- Konsantre w sou karyè w ak fè lajan

Repons moun yo bay ak chèchè ki t ap fè etid la montre moun selibatè yo pran trè serye lavi Pwofesyonèl yo nan chache pi pèfòman ak konsistan. Epi yo pa gen stress mennaj k ap fè yo fè jalouzi. Yo plis wè devlopman tèt yo, karyè yo ak fè kòb.

4- Mwens jalouzi ki ka brize kè w

Yon lòt bagay moun yo entèwoje nan etid la, yo fè konnen yo pa nan fè jalouzi. Yo di lè w pou kont ou, ou pa nan fè jalouzi, ou pa pral veye telefòn ni apèl k ap fèt sa ki vin fè w viv ak mwen stress pou kè w pa brize aprè pil pale anpil ki konn rive nan goumen ant 2 patenè yo.

5- Plis libète

Selibatè yo konsidere yo se moun ki pa nan prizon. Yo pase plis tan ak zanmi yo, pa gen yon moun ki pral ba yo chalè. Yo ka sot lakay yo epi fè plizyè jou deyò (tankou w te ka kite Pòtoprens epi w ale nan banbòch Okap, Okay, Jakmèl menm jis Jeremi fè plizyè jou). Yo pa gen yon moun k ap di yo mwen entèdi w ale wè zanmi sa oubyen gwoup zanmi sa yo.

6- Ou pa gen pou w ap fè mennaj plezi pandan w pa renmen yon bagay

Selibatè yo di nan etid sa, yo pa gen pou ale nan yon plezi yo pa renmen ankò (yo te konn fè l jis pou fè mennaj la kontan), yo pa gen pou plede ale kay paran mennaj la paske mennaj la te swete sa. Yo pa gen pou y ap kontrarye ankò paske yo te vle fè mennaj plezi: Tankou ale legliz paske mennaj ou se Kretyen, ale nan dans lwa paske mennaj ou se vodouyizan.

Aprè nou fin li sa yo, nou ka estime yon moun ki selibatè pa tèlman nan tristès jan yon moun ta ka panse, li jwi vi l nan fason pa l jistan li deside jwenn yon moun ki pa l, ki sanble ak li epi ki pataje lide. Konsa tou, 2 moun ki ansanm jwi lavi yo fason pa yo menm kan ka gen bon ak move moman nan relasyon an.

Daprè yon etid, yon moun ki selibatè genyen 6 avantaj nan lavi l

Dekouvri plis:

Sidolixe James Smith membre du gang de Vitelhomme, en partance pour les États-Unis, arrêté à l’aéroport Toussaint Louverture

1 Comment

1 Comment

  1. pluviosephilippe46

    6 octobre 2023 at 23h30

    C sal yé! Ou bien palé!

Laisser un commentaire

Plus de contenu