Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Dezakò nan mitan manm “Akò Montana” yo, Kontrapèpla pran distans li ak konsèy prezidansyèl Caricom lan

Dezakò nan mitan manm "Akò Montana" yo, Kontrapèpla pran distans li ak konsèy prezidansyèl Caricom lan

Dezakò nan mitan manm “Akò Montana” yo, Kontrapèpla pran distans li ak konsèy prezidansyèl Caricom lan.

Nan yon nòt li mete deyò, Kontrapèpla ki se manm Akò Montana, pa mete dlo nan bouch li pou fikse pozisyon l sou koze konsèy prezidansyèl Caricom lan. Estrikti a di aklè li pran distans li ak koze sa epi voye jete prensip pou blan an bay kondisyon pou moun ka manm konsèy tranzisyon an. Kontrapèpla la souliye aktè ayisyen yo te deja defini yon ansanm kritè pou chwazi moun ki pou dirije yon tranzisyon koupe fache. N ap souliye gwoup Akò Montana a sou bò pa l chwazi Fritz Jean ki pou reprezante nan konsèy prezidansyèl sa ki ta dwe gen 7 manb ak 2 obsèvatè.

“Blan an pase twa lane ap fòse pèp ayisyen an bwè yon lasini li te fin vomi sou tout kalte fo pretèks pandan sosyete a, nan divès ekpresyon l, ap mande yon tranzisyon koupe fache. Yo menm rive envante yon pwensip politiko-enstitisyonèl ki ta di « pa gen tranzisyon nan tranzisyon » , kòmkwadire posesis politik la konfonn ak prezans yon moun byen patikilye nan tèt pouvwa a”, se sa responsab Kontrapèpla souliye.

Pi lwen, estrikti a fè konnen blan an se restavèk li bezwen nan konsèy la pou ekzekite komisyon pou li. “Ki dwa yo genyen pou yo mete kondisyon pa yo pou chwazi kiyès ki ka dirije peyi a? Menm pou lafòm ayisyen pa gen pou asepte yon bagay konsa paske se ta asepte pou pèp ayisyen pèdi atoujamè dwa pou l chwazi dirijan l li menm.

Pouki se pa aktè ayisyen ki vle monte konsèy la ki bay kominote entènasyonal la kondisyon pou mete fen nan trafik zam k ap sot Etazini vin simen lanmò nan mitan popilasyon de bwa pandye san sekou a?”

Kontrapèpla ki trè asid kont blan ki pran kontwòl avni politik peyi d Ayiti depi dènye katchouboumbe ki wè demisyon Ariel Henry, avanse ak lide pou l di: “blan an pa gen ankenn pwojè desitire gang nan peyi a. Travay yo bay gang yo byen defini, se matirize popilasyon an, anpeche l eksprime volonte l, konpòtman sa a nan pwolonjman mefyans istorik blan an genyen pou anpeche bonjan demokrasi boujonnen.

Gang yo se bra ilegal sistèm represyon an akote lapolis ki se bra legal la kap anpeche tout manifestasyon ki ta gen pou objektif kapote sistèm nan. Tout ti bat kò kap fèt la a se pou endike gang yo limit yo pa dwe depase misyon mèt yo ba yo a, ki se kenbe popilasyon an sou presyon pou l viv nan yon ensekirite pèmanan epi livre teritwa peyi a bay tout kalte trafik kriminèl ak piyay resous li.”

Dezakò nan mitan manm "Akò Montana" yo, Kontrapèpla pran distans li ak konsèy prezidansyèl Caricom lan

Dekouvri plis:

L’artiste Sam Priviose dévoile l’EP “Genesis”, une façon d’honorer sa mère et de lancer son premier grand prof

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu