Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Dife pran nan mache binasyonal Dajabón lan

Dife pran nan mache binasyonal Dajabón lan

Dife eklate jodi mèkredi a nan mache binasyonal Dajabón lan.

Yon gwo dife eklate granm bonè mèkredi 11 oktòb la nan mache binasyonal Dajabón lan kote anpil komès ayisyen ak dominiken boule. Pou kounya, otorite peyi vwazen an poko evalye dega dife sa fè, daprè sa jounal dominiken yo rapòte.

Aprè dife sa te fin eklate, plizyè machin ponpye ki soti nan plizyè minisipalite Dajabón te getan rive sou plas pou etenn dife sa. Aprè yon 1 èd tan efò, kamyon yo te vin manke dlo men dife a te getan metrize a 90%.

Majistra Dajabón lan, Santiago Riverón mande ak otorite konpetan yo pou mennen ankèt sou sa ki ta lakoz dife sa epi l di li prè pou l koute tout dispozisyon gouvènman dominiken an ap pran fas ak sa k rive a.

Aprè dife sa te fin eklate, prezidant asosiyasyon detayan mache fwontalye a, Abigail Bueno, deklare sou bò pa l, li ap respekte desizyon gouvènman an ap gen pou pran epi fè konnen li gen dout sou dife sa ki eklate avan reyouvèti tipa tipa mache a.

N ap raple prezidan dominiken Luis Abinader te pase lòd depi lendi a pou fwontyè a relouvri jodia pou fè inikman echanj komèsyal sa nou ta rele yon koulwa komèsyal. Yon desizyon anpil ayisyen voye jete byen lwen.

Dife pran nan mache binasyonal Dajabón lan

Dekouvri plis:

Le Canada s’apprête à accueillir 11 000 ressortissants étrangers dont des haïtiens

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Migration

Dans une note rendue publique ce 28 novembre 2022, intitulée « Positionnement du clergé de Dajabon face aux déportations massives », les prêtres catholiques de la...

République Dominicaine

Un ressortissant haïtien est mort ce jeudi 19 décembre après avoir reçu une balle au crâne dans la province de Santiago. La victime, Nine...