Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Digicel fè konnen MonCash pa an fayit, pwoblèm bank pa ka anpeche l fonksyone

Digicel fè konnen MonCash pa an fayit, pwoblèm bank pa ka anpeche l fonksyone

Pou demanti enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyal yo, Digicel fè konnen MonCash p ap fè fayit.

Depi kòmansman semèn lan, enfòmasyon ta lèse kwè sévis MonCash la an fayit, itilizatè pa ka fè retrè, anpil kont bloke oubyen siprime. Konpayi Digicel nan yon nòt li mete deyò jodi mèkredi 21 jen an demanti koze sa yo epi asire kliyan li yo sévis MonCash lan pa an fayit, pwoblèm ki gen nan bank pa ka anpeche l fonksyone.

“Digicel ak MonCash ap demanti yon kanpay “Fo enfomasyon” k ap sikile sou rezo sosyal yo e pwofite pote presizyon pou kliyan li yo, lapres ak tout popilasyon an: MonCash p ap fe fayit. Pwoblèm ki gen labank pa ka anpeche MonCash fonksyone”,se sa ki ekri nan nòt la.

Antrepriz la te pwofite anndan nòt sa raple kèk nouvote nan pwosesis anrejistreman an. Desizyon sa yo pran pou konfòme yo ak sikilè 121 BRH la. “Tout kliyan ki anrejistre apre 6 desanm 2022, dwe pase pa yon pwosesis idantifkasyon pou kont li ka fonksyonèl. Pou li fè sa, fok li soumèt yon pyès idantite valid nan aplikasyon MonCash la oswa pase nan yon magazen Digicel.”

Sou koze kont moun ta lèse kwè Mon Cash ap siprime oubyen bloke, Digicel te pote presizyon pou l di kont yon kliyan ka jwenn yon sispansyon tanporè selman si : Kont lan enplike nan yon ka fwod; Yon kliyan refize soumèt yon pyès idantite valid; Non ak siyati ki sou kont lan diferan de sa ki nan pyès idantite a; Kliyan an antre yon move kod sekre plizye fwa.

Pou fini ak nòt la, Digicel envite kliyan yo swiv pwosesis idantifikasyon yo pou yo kontinye fè tranzaksyon lajan an tout sekirite, fasilite ak rapidite.

Digicel fè konnen MonCash pa an fayit, pwoblèm bank pa ka anpeche l fonksyone

Dekouvri plis:

Une rixe dans une prison pour femme fait 46 morts au Honduras

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Économie

Yon kont Moncash ki pa idantifye epi ki pa elaji p ap ka kontinye fè tranzakson apati premye jiyè k ap vini la Nan...

Télécommunications

La compagnie Digicel annonce qu’elle va augmenter les coûts de ses services à partir du 26 avril. La compagnie Digicel, à travers une note...

Télécommunications

« La Digicel détient la meilleure offre sur le marché en termes de tarification de coût des appels », soutient Jean Philippe Brun Directeur...

Télécommunications

La Digicel apporte des précisions sur la tarification du coût de l’appel par minute sur son réseau Dans une note acheminée à la rédaction...