Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Dosye trafik zam nan legliz episkopal: jij Martel Jean Claude pote eksplikasyon

Dosye trafik zam nan legliz episkopal: jij Martel Jean Claude pote eksplikasyon
Getting your Trinity Audio player ready...

Jij enstriksyon an Martel Jean Claude pote eksplikasyon sou òdonans nan dosye trafik zam nan legliz episkopal la.

Apre òdonans jij Martel Jean Claude te fin rann nan dosye trafik zam nan legliz episkopal la kote li blanchi 15 moun nan dosye a ki se Frantz Cole, Jean Mardoché-Vil, Gina Jean Louis Rolles, Jean Marie Gilles, Mamion Saint-Germain, Fritz Désiré, Jean Ralph Gracia, Steeve Jean, Prévilon Renet, Trevol Moïse, Jude Alain Louis, Gerald Ramplais, Ronald Docteur, Kléberson Jules, Dianika Jules, gwo pawòl anpil pa sispann fèt pasi pala nan sosyete a.

Ebyen nan yon dokiman eksplikatif Martel Jean Claude pataje ak Juno7, li fè konnen BAFE pat janm voye okenn rapò, okenn dokiman ba li ki mansyone gen youn nan pè yo ki gen yon milyon dola sou kanè bank nan peyi Etazini, ni nan okenn lòt peyi. Pi lwen, jij Martel souliye anketè Biwo Afè Finansyè ak Ekonomik di nan rapò yo, pa gen okenn apèl ki fèt ant pè yo ak lòt sispèk nan dosye a.

Toujou dapre mesaj jij enstriktè a, pa gen okenn nan rapò BAFE la ki montre te gen mesaj vokal ak tèks ekri ki ta kapab tabli yon prèv ke gen youn nan pè yo ki tap plenyen ak moun ki konn achte zam ak minisyon pou li paske ladwa n te sezi kontenè a.

“Nan yon videyo Allo Lapolis, yo di bwokè a deklare se pè Frantz Cole ki te rele l pou l al dedwane kontenè zam ak minisyon yo pou legliz episkopal, alòske nan pwòp rapò BAFE voye bay lajistis la, yo ekri bwokè a deklare se Alland Dorcé ki te ba l dokiman yo e se Lovenie Louis Jean ki te voye yo ba li sou demann Vundla” se sa Martel Jean Claude fè konnen nan mesaj li a.

Martel Jean Claude kontinye pou fè konnen nan rapò BAFE voye bay lajistis la, kontab legliz la te deklare lajan ki depoze sou kont Vundla se pou te peye frè dedwanman kontenè a ki te antre jiska mwa Jen 2021, tandiske nan mesaj yo bay laprès, yo souliye legliz episkopal pat ka eksplike dekesman kòb sa yo.

Nan sa ki gen pou wè ak konklizyon ankèt la sou dosye a, jij Martel di l jwenn moun ki voye zam yo se frè pastè Dieuné Day ki rele Remy Lindor e se pastè a ki voye Samson al rekipere machandiz yo nan dwa n nan; pa gen okenn rapò ant moun ki enplike nan dosye a ak pè yo, sof Vundla; legliz episkopal pat janm mande franchiz pou kontenè a paske lèt demann lan fo, li pa anrejistre okenn kote nan ministè Kilt.

Toujou nan konklizyon ankèt la, Martel Jean Claude fè konnen kontenè zam yo antre nan mwa jiyè 2022 alòske kòb legliz episkopal te bay Vundla, se te depi Jen 2021, swa 1 lane ak 1 mwa avan kontenè a ki pote zam ak minisyon an; BAFE ekri nan rapò a, sous li ba li se pastè Dieuné Day ki kòmande zam yo alòske BAFE pa janm tande pastè a e l te konn toujou ap preche sou legliz li Dèlma e magre l te met manda dèyè pastè a, BAFE pa janm fè anyen pou chèche l e yo pa janm mete avi rechèch dèyè l.

Nan òdonans jij Martel Jean Claude sou dosye sa a gen Vundla Sikhumbuzo, Samson François, Lovenie Louis Jean, Alland Dolcé, Alerte Isacc, Franklin Batista, Fernand Jean-Pierre, Remy Lindor, Johnny Docteur, Dieuné Day ki transfere devan tribinal kriminèl san asistan jiri.

Dosye trafik zam nan legliz episkopal: jij Martel Jean Claude pote eksplikasyon

À lire aussi :

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce samedi 14 Octobre 2023

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Trafic d’armes par l’Église Episcopale: le juge Martel Jean Claude blanchi les pères Frantz Cole et Jean Mardoché-Vil...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Objet de menaces, l’Église catholique dément son implication dans le trafic d’armes À travers une note en date...

Société

Getting your Trinity Audio player ready... L’église épiscopale lance un message d’espoir, à l’occasion de la Noel, pour le peuple haïtien qui connait des...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... L’Église Épiscopale d’Haïti, communion anglicane, lève la voix contre le racisme dans le monde Dans une note datant...