Connect with us

Hi, what are you looking for?

People

Ed Sheeran pa itilize telefòn depi 2015 paske twòp mesaj nui l

Ed Sheeran pa itilize telefòn depi 2015 paske twòp mesaj nui l

Ed Sheeran pa itilize telefòn pòtab depi ane 2015 paske twòp mesaj annwiye l.

Atis britanik lan Ed Sheeran nan yon videyo ki pibliye sou chèn YouTube Hodinkee eksplike rezon ki fè li pa sèvi avèk telefòn ankò depi 2015. Chantè a fè konnen sa annwiye l nan plede ap resevwa mesaj epi pou ap fè repons rapid.

Li fè konnen nan videyo sa tèlman telefòn lan te anvayi l, sa te rann li estrese pandan l raple tou pou l di lè l te fini deside pa sèvi ak li ankò se tankou yon pwa ki te soti sou do l paske l te vin lib.

Anpil moun ka ap mande kisa Ed Sheeran itilize pou l kominike nan yon mond kote telefòn jwe yon gwo wòl nan koze Kominikasyon moun ak moun. Pou eseye konble sa, Ed Sheeran fè konnen li gen yon adrès E-mail, yon fwa de tanzantan li verifye bwat mesaj li epi reponn a yon dizèn mesaj epi fèmen òdinatè l.

Atis la fè konnen kounya li pran plezi pase plis tan ak pwòch li san li pa gen yon telefòn k ap sone oubyen vibre nan pòch li. Yon fason pou li ki vin rann lavi l pi senp san twò Konplike.

Ed Sheeran pral fete 31 an li 17 fevriye k ap vini la. Li se otè, konpozitè, entèprèt, mizisyen epi chantè. Li koumanse aktif nan mizik depi 2004.Ed Sheeran gen 5 album nan karyè mizikal li.

Ed Sheeran pa itilize telefòn depi 2015 paske twòp mesaj nui l

Dekouvri plis:

Lancement de l’atelier sur le Programme de modernisation de l’État (PME-2023) et l’ODD16

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu