Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Elèv nevyèm ane yo gen chwa konpoze an fransè oubyen an kreyòl

Elèv nevyèm ane yo gen chwa konpoze an fransè oubyen an kreyòl

Elèv nevyèm ane yo gen chwa fè egzamen yo an fransè oubyen an kreyòl.

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl pran yon gwo desizyon nan sa k gen pou wè ak egzamen ofisyèl nevyèm ane. Minis Nesmy Manigat nan kad yon konferans li bay jodi jedi 15 jen an, anonse elèv yo gen chwa konpoze an fransè oubyen an kreyòl eksepte matyè lang yo tankou Anglè, espayòl ak fransè.

« Youn nan lòt gwo desizyon minis Manigat anonse pandan konferans pou laprès sa a gen pou wè ak posibilite yon elèv ap genyen pou li konpoze pandan egzamen ofisyèl 9yèm ane fondamantal yo an fransè oubyen an kreyòl. Anwetan disiplin tankou anglè, espayòl ak fransè, tout lòt tèks egzamen yo ap disponib an kreyòl ou byen an fransè. Se kandida a li menm k ap gen pou chwazi », se sa biwo ministè edikasyon nasyonal la rapòte nan yon nòt.

Nesmy Manigat pou montre rezon desizyon sa pran fè konnen se pou li kapab fè respekte, san patipri, kourikoulòm lekòl fondamantal la, yon fason pou tout matyè ki nan kourikoulòm nan yo anseye yo tout bon vre nan lekòl yo. Sa ki kapab ede jenn yo develope tout konpetans yo dwe develope epi kontribiye nan devlopaman ekonomi peyi a pandan y ap konsolide kilti nasyonal la.

Lòt desizyon ki pran se kowefisyan yo ki ogmante kote Kreyòl pase de 200 a 300. Se menm bagay la pou Syans sosyal – ki gen ladann Edikasyon sou sitwayènte -, ak Syans eksperimantal ; kowefisyan yo tou pase de 200 a 300.

Elèv nevyèm ane yo gen chwa konpoze an fransè oubyen an kreyòl

Dekouvri plis:

Le Canada implantera cet été, en République dominicaine, une cellule de coordination de l’aide à la sécurité en faveur d’Haïti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Des élèves de lycées ont manifesté à Port-au-Prince pour réclamer le retour des enseignants en classe Moins d’un mois après la réouverture officielle des...

Société

Fixée au 1er octobre 2025, l’ouverture des classes se prépare dans un climat d’inquiétude. Entre l’inflation, les frais scolaires élevés et le déplacement forcé...

Actualités

Une première étape pour renforcer la gouvernance et l’accréditation du système éducatif. Le Ministère de l’Éducation nationale et de la Formation professionnelle (MENFP) a...

Actualités

Un atelier de trois jours pour évaluer la mise en œuvre du PDEF et définir les ajustements nécessaires. Le Ministère de l’Éducation Nationale et...