Connect with us

Hi, what are you looking for?

Sports

Emiliano Martinez jwe yon gwo wòl nan siksè Ajantin anndan Kopa Amerika a

Emiliano Martinez jwe yon gwo wòl nan siksè Ajantin anndan Kopa Amerika a

Emiliano Martinez, youn nan “bwa dèyè bannann” ekip Ajantin lan pou nouvo tit Kopa amerika

Emiliano Martinez, 28 lane, se pa anpil moun ki te konn gadyen sa. Anpil moun vin plis dekouvri l epi gen lanmou pou li anndan konpetisyon Kopa amerika a, sitou nan demi final kont Kolonbi.

Bò kote Messi, Otamendi, De Paul, Angel Di Maria, gadyen sa trennen Ajantin ale pran yon nouvo tit apre 28 lane yo pa t janm ranpòte konpetisyon majè sila.

Fòs ak kouraj li pèmét li pwogrese epi rive ranpòte Kopa a

An 2010, li te gen 17 an, li te rejwenn ekip Arsenal la. Gadyen sa pase 10 lane (2010-2020) ap siye ban ekip Arsenal la kote pou 10 an sa li jwe 38 match sèlman.

Arsenal te kontante prete l nan anpil lòt klèb tankou Oxford United li jwe yon grenn match, Sheffield Wednesday li jwe 15 fwa, Rotheram United, Worlverhampton, Getafe li jwe 7 fwa, Reading. Tout klèb sa yo, Arsenal te kontante prete l jistan li ale nan Atson Villa sezon pase.

Nan Atson Villa, pou sezon pase li jwe 38 match epi pèmèt klèb sa fini 11è epi fini pami meyè gadyen nan Premyè Lig la. Se la tou, chans pote koulè Ajantin lan ta pral vini pou li epi l ta pral deklare li vle ranpòte konpetisyon an ak peyi l epi pou Messi (pwomès ki reyalize).

Nan demi final fas Kolonbi li kenbe twa penalite ki pèmèt peyi l ale nan final. Apre match sa, popilarite l te ogmante sou rezo sosyal yo tèlman moun t ap chache l tout kote pou follow li epi fè rechèch sou li.

Yè swa nan final la kont Brezil, li te trè desizif, li fè plizyè arè ki sove Ajantin epi bay peyi l dwa ranpòte twofe a pou yon 15èm fwa. Li fini meyè gadyen tounwa a tou.

Yon viktwa ki ba l anpil respè nan je fanatik Ajantin ak moun ki renmen epi ki konn foutbòl.

Non konplè li se Damían Emiliano Martinez Roméo. Li fèt 2 septanm 1992, nan Mar Del Plata peyi Ajantin. Li gen yon wotè 1mèt95.

Li pran koup Angletè ak Community Shield an 2020 ak Arsenal epi Kopa amerika ak Ajantin ane a la.

Emiliano Martinez jwe yon gwo wòl nan siksè Ajantin anndan Kopa Amerika a

Dekouvri plis:

5 joueurs de la sélection nationale dont Frantzy Pierrot testés positifs à la Covid-19 avant d’affronter les USA

Click to comment

Laisser un commentaire

Granmoun renmen li…timoun fou pou li…se yon dirikontan!
Quand le design rencontre la performance. Il y a tant de choses à apprécier dans la toute nouvelle MG RX5, avec ses caractéristiques extérieures élégantes et sportives et son intérieur élégant et confortable.

Plus de contenu

Sports

L’Argentine est le nouveau leader du classement FIFA/Coca-Cola La FIFA a mis à jour son classement des meilleures sélections nationales au monde ce 6...

Sports

Mondial 2022 au Qatar: la FIFA annonce l’ouverture d’une procédure contre l’Albiceleste et la Croatie. Les sélections d’Argentine et de la Croatie sont dans...

Sports

Classement FIFA: le Brésil toujours en tête, l’Albiceleste deuxième, les lions de l’atlas montent à la onzième place., Haïti ne bouge pas et reste...

Sports

Coupe du monde: après le sacre de l’Albiceleste au Qatar, la Fédération Internationale de Football Amateur met déjà le cap sur la prochaine édition....