Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Aprè Émilie Altius fin pèdi tou 2 pitit li nan yon aksidan an janvye, tout machandiz li sot peri nan dife mache 2000 lan

Aprè Émilie Altius fin pèdi tou 2 pitit li nan yon aksidan an janvye, tout machandiz li sot peri nan dife mache 2000 lan
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Aprè Émilie Altius te fin pèdi tou 2 pitit fi l te genyen yo nan yon aksidan an janvye, tout machandiz li peri nan dife mache 2000 lan.

Émilie Altius se non manman sa ki pèdi nan espas 5 mwa tout sa l te posede. 17 janvye nan aprèmidi, li pèdi tout 2 pitit fi l nan Dèlma 75 pandan y ap sot lekòl. 2 timoun yo te sou moto lè yon kamyon dlo pèdi fren te rantre sou yo epi tiye yo. Premye a ki se Ora Gemlyda Nirva te gen 11 lane, lòt la ki se Ora Gee-Mishaïla ta pral gen 9 lane 17 jiyè k ap vini la. Manman sa pèdi 2 grenn pitit li te genyen yo nan yon fraksyon segond. Malgre sa li te vle reprann gou ak lavi nan kontinye regle aktivite l. 12 jwen ki sot pase la, nan dife ki te pran nan mache 2000 lan, li pèdi tout komès li, pou kounya li lage 2 bwa balanse. Li te nan mikwo repòtè nou Ody Bien-Eugène li t ap eksplike sitiyasyon l.

17 janvye nouvèl la te gaye tankou yon bonm sou rezo a lè moun t ap aprann gen yon manman ki pèdi tou 2 timoun li pandan yo t ap soti lekòl. Kamyon dlo ta pral rantre sou moto yo te ye a epi yo te mouri byen rapid. Aksidan sa te lèse Émilie Altius nan yon tristès anraje kòm manman pitit ki wè 2 espwa l mouri konsa nan yon aksidan trajik.

Nan yon ti pale ak jounal la, li souliye aprè 5 mwa li pa t jwenn èd sitou nan men chofè kamyon an men li rete kwè se suivi yo ki poko fèt.
Malgre sa li toujou rete ap konbat ak lavi menm kan li ap viv ak sikatris sa anndan kè l.

Émilie Altius malgre sa te fin rive t ap eseye reprann gou ak lavi nan chache soti tèt li anndan mache 2000 ki twouve l nan Dèlma 29. Dam sa te konn vann tout kalte machandiz tankou rad timoun, sandal, soulye, pwodui komestik elatriye.

Nan lendi 12 jwen, manman pitit sa leve ak nouvèl tout machandiz li boule anndan mache a aprè dife. Yon ensidan ki te lage dlo nan je l nan moman li t ap eksplike tray li nan mikwo jounalis. Malgre sa l viv pandan moman sa yo li pa vle dekouraje. “Lavi an se lit li ye, se bat pou n rekòmanse malgre li p ap fasil”, se sa l te di pandan l fè konnen li p ap kite peyi a li pa gen kote pou l ale.

Li fè konnen si l te pèdi timoun yo Bondye fè l gras li toujou la, li estime se menm jan an li pèdi machandiz yo, l ap rekòmanse. “Pou mwen se moman ki pi difisil yo menm pa gen chwa. Si Bondye ka fè timoun yo mouri li kite m la, si m ka pèdi machandiz yo, li gen yon plan pou mwen, m ap tann plan an”, se konsa l te reyaji.

Li ap vann nan mache 2000 depi out 2022, avan sa se nan mache Taba li te ye. Li aprann nouvèl dife a nan bouch yon kouzin ki te rele l. “M t ap dòmi mwen leve epi m tou desann. Lè m rive m jwenn espas m te a brile.” Li fè konnen li pa ka evalye pèt yo paske tout sa l te genyen li envesti l nan biznis li.

Li di l pa gen anyen li gen pou l di ak otorite yo ni li pa wè l sa l ka di yo. Li te jis adrese l ak machann yo pou l di yo kouraj, lavi ap kontinye, y ap rekòmanse piti menm kan se pa menm jan.

Aprè Émilie Altius fin pèdi tou 2 pitit li nan yon aksidan an janvye, tout machandiz li sot peri nan dife mache 2000 lan

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Dekouvri plis:

Haïti : l’essentiel de l’actualité pour ce jeudi 15 juin 2023

1 Comment

1 Comment

  1. Sam

    15 juin 2023 at 11h10

    Lè nou publiye atik sa yo, nou supoze mande mounn nan yon kontak pou si gen mounn ki ta vle ede’l.

Laisser un commentaire

Plus de contenu