Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Èske atis Mechans T ta pran nan yon Kendrick Lamar “bò katedral” ?

Èske atis Mechans T ta pran nan yon Kendrick Lamar "bò katedral" ?
Photo : Capture d’écran Chokarella

Èske atis Mechans T ta kite l pyeje ak yon Kendrick Lamar “bò katedral”?

Jonathan Wens Désir tout moun konnen sou non Mechans T pa sispann fè pale de li aprè sòti album li an ki rele “À Table” ki genyen 14 mizik. Pawòl anpil sa yo vini kote anpil moun ta estime mòso “Goat” ki sou album sa atis Ayisyen an di l chante ak Kendrick Lamar la, se pa ta bon vwa rapè ameriken an men pito se entèlijans atifisyèl k ap travay. Gen lòt ki rete kwè, se buzz atis la ap chache nan kreye estrateji ak pawòl anpil pou album li mache. Genyen tou ki fè konnen aprè dènyè soti atis la sou paj Instagram li, li ta pran nan <<scam>>, yo ta pyeje l ak yon fo Kendrick Lamar.

Album “À Table” sòti 10 jiyè ki sot pase a. Byen avan li te sòti sou platfòm mizikal yo, atis la nan yon bèl konsèp te anonse sòti pwojè a atravè yon interview esklizif li te bay Carel Pèdre.
Aprè pwojè sa te fin soti se la pawòl anpil la ta pral demare. Yon pawòl anpil ki pa gen pou wè ni ak kalite Album lan oubyen nivo talan atis la men pito yon pawòl anpil ki te baze e ki toujou baze sou koze mizik Goat la kote anpil moun rete kwè se pa vwa Kendrick Lamar ki sou mizik la.

Pawòl anpil te tout kote sou rezo a. Gen moun ki di se intèlijans atifisyèl men pa an mezi agimante pou kore sa y ap di a. Gen lòt ki vin ak agiman yo, Gen yon kategori tou ki pa t vle pran pozisyon men pito rete ap tann reyaksyon konsène a sou sijè.

Space Twitter fèt, tweet ap simaye, blag ap bay sou koze a, moun ap joure, fanatik atis la ap rele lòt egri, pawòl anpil yo pa t sispann kontinye sou mizik sa.

Bagay la ta pral gaye plis se lè moun ta pral aprann album atis la te retire nèt sou Spotify ak ITunes. Yon bagay ki te monte dout la pi plis lakay anpil moun ki pa t ka fin konprann koze sa.
13 jiyè, Album lan retounen sou 2 platfòm mizikal yo men san mizik Goat ki ta gen Kendrick Lamar epi mòso Amanda ki ta gen atis nijeryan an ki rele L.A.X

Jou maten sa lè nouvèl la gaye, rezo sosyal yo ta pral chofe. Moun te kòmanse joure, di atis la tout kalte vye mo anba chak pòs ki ta gen pou wè ak sijè a. Mechans-T pa t gen dlo ki pou lave l tèlman entènot t ap sal li.

Atis la byen avan yon videyo ta pral sòti yon nòt nan 2 lang (Kreyòl ak anglè). Yon nòt moun estime ki pa twò klè menm kan li te jwenn sipò moun ki voye kòmantè ranpli enèji pozitif pou li.
Nòt sa ta montre gen dout sou otantisite 2 mizik sa yo sitou Goat la.

Yè vandredi 14 jiyè 2023 a, sou paj Instagram li, li pataje yon videyo pou montre fistrasyon li epi estime li te twò nayif. Atis la te klè pou l di platfòm yo siprime 2 mizik sa yo paske l pa ka founi dokiman sou otantisite kolaborasyon yo.

Rapè Ayisyen an prezante eskiz li bay Carel Pèdre, atis, DJ, antrepriz, mizisyen ak Gran piblik la aprè sa k rive a kote 2 mizik sa yo pa ka monte tab la.

Mechans-T fè konnen tou li te twò nayif. Nayivte sa atis la ap pale a gen moun ki rete kwè se vijilans atis la yo twonpe nan ba l fo atis etranje. Gen lòt ki estime se yon blòf se buzz atis la te ale chache. Genyen ki ale trè lwen pou di karyè atis la ta dwe tou kraze pou sa k pase a. E ou menm kisa w panse?

Èske atis Mechans T ta pran nan yon Kendrick Lamar "bò katedral" ?

Photo : Capture d’écran Chokarella

Dekouvri plis:

Le nigérian Burna Boy devient le premier artiste africain à remplir un stade de 41 000 places aux États-Unis

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Célébration du drapeau au Cap-Haïtien: le ministre Nesmy Manigat a visité l’atelier de confection à l’institution du Sacré-Cœur Une large mobilisation a déjà été...

Santé

Pour un diagnostic précoce, il est important de comprendre les symptômes et les facteurs de risque des cancers de la gorge et de la...

Actualités

SOS: les locaux du MICT et du MEF et de la CSCCA attaqués par des bandits Les bâtiments de la Cour supérieure des comptes...

Politique

Le BSA publie un mémorandum pour tenter de mettre le conseil présidentiel sur le droit chemin Depuis l’installation du conseil présidentiel de transition, on...