Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Fanmi Lavalas kondane kidnapin ki fèt sou Anthony Dessources, yon manb direktwa pati a

Fanmi Lavalas kondane kidnapin ki fèt sou Anthony Dessources, yon manb direktwa pati a

Pati politik Fanmi Lavalas di li kondane krim, masak ak anlèvman k ap fèt kont popilasyon an.

Òganizasyon politik Fanmi Lavalas nan yon nòt li mete deyò fè konnen li kondane ak tout fòs li tout krim, tout masak ak tout kidnapin k ap fèt chak jou sou popilasyon ayisyèn lan kote okenn moun pa epanye. Komite egzekitif pati a soti nòt sa aprè anlèvman ki fin fèt yè samdi 29 oktòb la sou Anthony Dessources ki se manm direktwa pati ak Ronald Germain. Endividi kidnape 2 moun sa yo sou Dèlma pandan yo t ap rann yo nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture.

«Òganizasyon Politik Fanmi Lavalas ap kontinye kondane ak tout fòs li tout krim, tout masak, tout kidnapin espesyalman kidnaping Agronòm Anthony Dessources, manm Komite Ekzekitif Òganizasyon an, ak Ronald Germain ki fèt jodi samdi 29 oktòb 2022 a», se sa ki ekri nan nòt sa ki pote siyati doktè Maryse Narcisse, Joël Édouard Vorbe ak Jean Myrtho Julien.

Komite egzekitif pati a souliye kantite zak ki fèt pou sèl ti mwa oktòb la pou montre jan viktim yo ap monte pil pa pil fas ak machin ensekirite a ki pa sispann mete dlo nan je. “Soti nan zak asasinay jounalis Gary Tesse nan vil Okay ak tantativ asasina ki fèt tou sou journalis Majik 9, Roberson Alphonse, jodia se asasinay Sekretè Jeneral RDNP a, Eric
Jean-Baptiste nan Laboule. Ak tout fòs nou, Fanmi Lavalas kondane tout krim sa yo san bliye
anpil lòt viktim ki atravè kat kwen peyi a.”

Nan nòt pou laprès sa, pati a voye senpati bay fanmi moun ki tonbe yo pandan l denonse zak sa yo epi mande pou sa chanje. “Se ak anpil doulè nan kè n nap ranmase soufrans paran ak zanmi
viktim yo espesyalman tout fanmi Frè nou, Agr Antony Dessources ak la fanmi Germain. Kondoleyans pou fanmi tout (…) Twòp se twòp. Vle pa vle fòk sa chanje. Vle pa vle fòk ansanm nou chanje sa.”

Fanmi Lavalas kondane kidnapin ki fèt sou Anthony Dessources, yon manb direktwa pati a

Dekouvri plis:

30 octobre 2020 : Jovenel Moïse installe le Comité Consultatif Indépendant (CCI) pour élaborer une nouvelle constitution

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Le journaliste et ancien Porte-parole de la Présidence Lucien Jura a été libéré ce jeudi après avoir été enlevé au début de cette semaine...

Insécurité

Des individus armés ont kidnappé le Journaliste senior, Lucien Jura chez lui à Vivy Mitchell. Alors que les gangs armés ne cessent de poser...

Actualités

L’archevêché de Port-au-Prince confirme la libération des six religieuses via une note. Dans une note officielle envoyée à Juno7, le père Marc Henry Siméon,...

Insécurité

Un étudiant de l’Institut National d’Administration de Gestion et des Hautes Etudes Internationales (INAGHEI) enlevé ce lundi 27 novembre à Turgeau. Vertilus Jalson, étudiant...