Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Fatima kase met nan men Jeff Oka ki fè yon blag sou li ki gen rapò ak vyòl, komedyen an mande eskiz

Fatima kase met nan men Jeff Oka ki fè yon blag sou li ki gen rapò ak vyòl, komedyen an mande eskiz

Fatima Altieri reyaji sou tweet Jeff Oka fè yè sou li a, ki pou li menm se yon ensitasyon a vyòl.

Jeff Oka anpil moun konnen sou rezo sosyal yo atravè videyo blag li yo, fè yon tweet yè samdi a ki konsène atis Fatima Altieri pou l di atis la toujou di l pa renmen met kilòt, si l ta endispoze nan lari kisa moun ki la t ap fè. Komedyen an te akonpaye pòs sa ak emoji ti tonton k ap ri pou montre se jis yon blag men konsène a pa t pran twòp tan pou rejayi epi mete mesaj imoris la nan nivo moun k ap ankouraje vyòl epi raple li se yon viktim de koze sa.

Etan ke yon viktim vyòl, malgré anpil twoma, anksyete avèk depresyon kwonik sa mete nan lavi’m, mpanse m te Geri … men lè’m tonbe sou tweet jennòm nan yè, li louvri maleng mwen, byen ke maleng lan seche, li fèm mal anpil. Mreyalize a ki pwen mwen fanm toujou an danje 💔 (🧵)“, se sa li ekri maten an nan reyaksyon li fè sou kont Twitter li.

Pou Fatima, depi se pa fanm lan ki te louvri bouch li pou l di li aksepte, yon moun pa dwe gen okenn entansyon. “On fanm ki sou pa on envitasyon, on fanm ki pèdi konesans pa on envitasyon, on fanm ki pa mete KILÒT pa on envitasyon. Moman vilnerab on fanm pa yon envitasyon.”

Fatima ale pi lwen pou l mande Jeff Oka itilize platfòm li yo pito pou ede jenn gason parèy li sa sa vle di konsantman. Pandan l ajoute pou l di “Sa ka rive edikasyon seksyèl li pat fèt, sa ka rive li panse sa’l di a pa gen anyen ki mal ladan.”

Atis la fè konnen, yon fi ki vyole Ayiti viktim 3 fwa. Li te eksplike pou l di: “1: paske yo vyole’l 2: paske yo gen chans pou yo pa kwè’l 3: paske sosyte a ankò ka di se fòt li! Imajine nan ka Jeff la yo tap di se paske m pat mete kilòt 💔“, se sa li avanse.

Nan diferan tweet li yo, li mande pwoteje ti fi ak ti gason yo, yon fason pou n gen yon sosyete an sante pandan l konkli pou l di: “Pou m fini, si m ta tonbe nan lari on jenn gason santi fòk ou ta tou mete men sou mwen pandan’m pa gen konesans, kite m atè a, oswa tou touye’m. Mèsi.”

Jeff Oka pa t fè tèt di, li siprime tweet la epi mande eskiz pou pòs la. “mwen mande tout moun excuse spesyalman #fatima ke m’knen sa ka choke mil excuse fati mpat vle rive la padon mw fel san konnen ki chok sa tapral pote 😢😢🤧 pa gen moun tap janm ankouraje violans sou fanm ou sonw moun mwen apresye anpil em bay tet mwen tò pou sam fè an 👏👏👏“.

Fatima kase met nan men Jeff Oka ki fè yon blag sou li ki gen rapò ak vyòl, komedyen an mande eskiz

Dekouvri plis:

Le tweet insensible de Jeff Oka ravive les plaies douloureuses de Fatima

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Société

Les propos insensibles de Jeff Oka sur Altieri Fatima mettent en évidence les problèmes de la culture du viol en Haïti et l’importance de...

Actualités

Depi plizyè mwa, li vrèman difisil pou w pa wè yon moun nan antouraj ou poste oubyen pou w pa tonbe sou rezo a...

Culture

La jeune rappeuse Kanis, auparavant Niska, vient de signer avec Sony Music Entertainment, l’un des trois plus grands labels discographiques au monde. L’artiste a...