Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite

Fas ak sitiyasyon k ap dewoule a, Federasyon Etidyan Ayisyen nan Repiblik dominikèn mande yon chans pou peyi a

Fas ak sitiyasyon k ap dewoule a, Federasyon Etidyan Ayisyen nan Repiblik dominikèn mande yon chans pou peyi a
Getting your Trinity Audio player ready...

Federasyon Etidyan Ayisyen nan Repiblik dominikèn mande gwoup moun k ap teworize popilasyon an pou bay peyi a yon chans

Sitiyasyon k ap dewoule dènye moman sa yo anndan peyi a, sitou nan kapital ayisyèn lan, pa kite endiferan konpatriyòt nou yo ki pa sispann eksprime yo pou mande tèt ansanm. Fwa sa se yon gwoup etidyan ki nan peyi vwazen ki regroupe sou Federasyon Etidyan Ayisyen nan Repiblik dominikèn ki mande aktè yo mete tèt ansanm epi sipliye gwoup k ap teworize popilasyon an pou sispann.

“Gwoup moun ki ap teyorize malere yo, tanpri souple bay pèp la yon chans paske peyi a pa kapab ankò, se frè ak sè nou n ap detwi. Aktè politik yo jwenn yon antant pou retire nou nan moman soufrans sa”, se sa ki ekri nan nòt sa.

Estrikti sa raple tou se tout “Ayisyen nan mond lan kipou yo mete enèji yo ansanm pou ane sa tout bon nou kòmanse wè Ayiti nou vle a” pandan li mande ak gouvènman demisyonè ki an plas la ansanm ak kominote entènasyonal la pou jwenn yon mwayen pou ede peyi a soti nan katchaboumbe li twouve l la.

Nan fen nòt sa, Federasyon Etidyan Ayisyen nan Repiblik dominikèn raple ak popilasyon an yo se pi gwo zam ki pou leve kanpe pou di ase ak sa k ap pase yo. “Nou paka chita ap gade pandan yon group moun deside pase diyite nou anba pye, pran tout sa nou posede e menm sa nou pa genyen.”

Fas ak sitiyasyon k ap dewoule a, Federasyon Etidyan Ayisyen nan Repiblik dominikèn mande yon chans pou peyi a

À lire aussi :

Ghana : le mariage d’une adolescente de 13 ans avec un prêtre de 63 ans fait scandale

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu