Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

FNE anonse viman kòmanse fèt pou kapab peye pwofesè ak direktè ki nan pwogram PROSGATE la

FNE anonse viman kòmanse fèt pou kapab peye pwofesè ak direktè ki nan pwogram PROSGATE la
Getting your Trinity Audio player ready...

Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) anonse viman kòmanse fèt pou kapab peye pwofesè, direktè, gadyen, menajè ki nan pwogram PROSGATE la.

Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) nan yon nòt pou laprès li mete deyò anonse apati madi 7 mas la, gen viman lajan k ap fèt sou kont Direksyon depatmantal Edikasyon Grandans, Sid, ak Nò pou yo kapab touche. Lajan sa se pou peye direktè lekòl, anseyan, gadyen, menajè, ki nan pwogram PROSGATE la. Pwogram sa gen ladan li Pwogram nasyonal lekòl kominotè yo (PRONEC) ak Pwogram eskolarizasyon inivèsèl gratis obligatwa a (PSUGO).

“FNE ap anonse anseyan PROSGATE yo, apati madi 7 mas la, gen viman lajan k ap fèt sou kont Direksyon depatmantal Edikasyon Grandans, Sid, ak Nò pou yo kapab touche. Pandan tout mwa mas la, youn apre lòt, FNE ap kontinye fè viman pou lòt 7 depatman yo (Latibonit, Nodès, Nodwès, Sidès, Nip, Sant ak Lwès). Avan 31 mas 2023, pwosesis la ap gentan fini paske tout depatman yo ap gen tan jwenn kòb pou peye direktè lekòl, anseyan, gadyen, menajè, ki nan pwogram nan”, nou kapab li sou paj FNE ak MENFP.

FNE nan nòt sa raple li toujou pare pou debloke lajan pou peye pèsonèl anseyan yo k ap fè anpil sakrifis pou fòme elèv yo nan tout peyi a. Pandan l pwofite remèsye yo epi bay kèk detay sou pwosesis dekèsman an. “Gen yon premye kòb ki te gentan debloke pou eliminasyon frè eskolè obligatwa yo. Pèman anseyan yo pran yon ti tan paske rapò finansye direksyon depatmantal yo te voye vini sou dekèsman ki te fèt deja yo te nan verifikasyon.”

PROSGATE la Se yon estrateji Leta mete sou pye pou fasilite tout timoun ale lekòl, epi jwenn bon kalite edikasyon. Objektif la se rive fè tout timoun soti nan laj 6 pou rive 12zan, nan tout peyi a, ale lekòl gratis nan 2 premye sik fondamantal yo, daprè sa nòt la souliye.

Nan fen nòt la, FNE te eksplike kijan sa fèt pou montre pwosesis sa gen plizyè etap nan kontra k ap siyen pa MENFP pou rive jis nan dekèsman.

FNE anonse viman kòmanse fèt pou kapab peye pwofesè ak direktè ki nan pwogram PROSGATE la

En savoir plus:

Patins à roulettes: un fils de Cité Soleil fait flotter notre bicolore au Chili

1 Comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu