Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

FONDEFH reyaji sou lanmò 3 bebe 9 mwa aprè yo te fin resevwa yon dòz vaksen nan Fontamara

FONDEFH reyaji sou lanmò twa bebe 9 mwa ki mouri aprè yo te fin resevwa yon dòz vaksen nan Fontamara
Getting your Trinity Audio player ready...

Fondasyon pou Devlopman ak Ankadreman Fanmi Ayisyen yo (Fondation pour le Développement et l’Encadrement des Familles Haïtiennes) reyaji sou lanmò twa bebe 9 mwa aprè yo te fin resevwa yon dòz vaksen kont maladi woujòl ak woubeyòl.

Fondasyon pou Devlopman ak Ankadreman Fanmi Ayisyen yo (Fondation pour le Développement et l’Encadrement des Familles Haïtiennes) anndan yon nòt pou laprès li mete deyò jedi 2 novanm lan, fè konnen li gen anpil doulè ak lapenn lè l aprann lanmò Pierre Naicha, Valeika Pierre, ak Clermond Fedson ki gen selman 9 mwa aprè yo te fin resevwa 30 oktòb pase a nan zòn Fontamara yon dòz vaksen kont maladi woujòl ak woubeyòl. Enstitisyon an fè konnen menm jou sa gen 8 lòt timoun ki te pran menm vaksen sa ki pa gen anyen epi mande ak otorite sanitè yo fè dilijans pou blayi limyè sou dosye sa.

“Timoun sa yo te resevwa yon dòz vaksen ki pou te pwoteje yo kont maladi woujòl ak woubeyòl nan jou ki te lendi 30 Oktob la, se menm vaksen sa a ki bay tout kote nan peyi a pou timoun ki gen 9 mwa kont maladi woujòl ak woubeyol. N ap fè konnen nan menm jou sa a te gen 8 lòt timoun ki pran menm vaksen an, nan menm boutèy vaksen sa a, ki yo menm byen vivan epi an bòn sante”, se sa Fondasyon pou Devlopman ak Ankadreman Fanmi Ayisyen yo fè konnen atravè nòt sila.

FONDEFH di l ap travay ak kèk lidè anndan kominote a pou chache konprann sa ki pase nan lide pou bay eksplikasyon pandan li pwofite mande pi gwo otorite sante yo nan peyi a pou fè bon jan dilijans nan envestigasyon ke yo deja tanmen pou fè limy sou sa ki pase a pi rapid ke posib.

Fondasyon an di li mobilize ak kominote a pou pote tout sipò yo bay fanmi timoun yo nan moman difisil sila a. Pandan l ankouraje popilasyon an toujou pote kole pou tout timoun yo kapab toujou kontinye vaksinen ak jwenn lòt swen nan kominote a.

FONDEFH reyaji sou lanmò twa bebe 9 mwa ki mouri aprè yo te fin resevwa yon dòz vaksen nan Fontamara

A lire aussi :

Erol Josué, Nanm et RAM ont électrisé la scène du Centre Culturel Caraïbes pendant la fête des Guédés

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu