Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon franko kanadyèn pral pase 22 lane nan prizon paske l te voye yon lèt anpwazonnen bay Donald Trump an 2020

Yon franko kanadyèn pral pase 22 lane nan prizon paske l te voye yon lèt anpwazonnen bay Donald Trump an 2020

Yon franko kanadyèn ki gen 56 lane pral gen pou pase 22 lane dèyè kat miray paske l te voye yon lèt anpwazonnen bay Donald Trump an 2020.

Pascale Ferrier se non franko kanadyèn sa ki gen 56 an ki pral gen pou pase 22 lane (262 mwa) nan prizon poutèt li te voye yon lèt anpwazonnen bay Donald Trump an 2020 epòk li te prezidan. Dam sa konn santans li yè jedi 17 dawout la aprè yon tribinal ameriken kondane l poutèt li te itilize yon sibstans mòtèl ki rele “ricine”.

Selon plizyè medya ki bay enfòmasyon yo, dam lan rekonèt li te fabrike “Ricine” li mete l nan lèt sa li te ekri pou voye bay Donald Trump ak 8 lòt fonksyonè nan Eta Texas. Selon dosye jistis la, lèt sa li te voye bay ansyen prezidan ameriken an li te kalifye l de « d’affreux clown tyrannique. » epi mande l pa t prezante nan dènye eleksyon prezidansyèl fas ak Joe Biden.

Dam sa te fè menm bagay la ak 8 lòt fonksyonè nan Eta Texas k ap travay nan sistèm kaseral ak polis nan vil sa. Li te jije yo responsab prizon li te pran an 2019 paske l te genyen zam ilegal nan men l epòk yo te arete l la.

Yon franko kanadyèn pral pase 22 lane nan prizon paske l te voye yon lèt anpwazonnen bay Donald Trump an 2020

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce vendredi 18 Août 2023

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu