Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite

Gang ame touye yon polisye bò lopital Bernard Mevs la

Gang ame touye yon polisye bò lopital Bernard Mevs la

Yon polisye pèdi lavi l anba bal asasen bò lopital Bernard Mevs la jodi vandredi 12 avril 2024.

Endividi ak zam ilegal kontinye ap simen dèy nan mitan lapolis la. Sou kont X li, Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo (SYNAPOHA) anonse polisye Pierre Fritz Chenet pèdi lavi l anba bal jodi vandredi 12 avril 2024 la tou pre lopital Bernard Mevs.

Toujou dapre sendika lapolis la, polisye viktim lan soti nan 28e pwomosyon lapolis la e li t ap travay nan komisarya Ayopò a. Toujou dapre enfòmasyon SYNAPOHA kominike, polisye a rive pèdi lavi l pandan l t ap soti wè yon pwòch li nan Vilaj Solidarite.

Fòk nou raple nan dat 20 ms 2024 la, nèg ak zam moun pat rive idantifye te touye polisye Noël Anel ki soti nan 17e pwomosyon lapolis la. Zak sa a te pase nan Dèlma 72 e jiskaprezan pèsonn pa konn rezon ki te lakoz zak sasinay sa a sou ajan USPM lan.

Gang ame touye yon polisye bò lopital Bernard Mevs la

À lire aussi :

Port-au-Prince : Champ de Mars et carrefour de l’aéroport, deux zones à risque ces derniers jours

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sécurité

Trois ans après l’assassinat des 5 policiers à Village de Dieu, le Syndicat National des Policiers Haïtiens déplore le mauvais traitement que subissent les...

Actualités

SYNAPOHA mande pou Direksyon jeneral lapolis la pwoteje baz CIMO a ki anba menas bandi Dènye tan sa yo, bandi yo pa sispann atake...

Insécurité

Le policier Lector Roobens tué de plusieurs projectiles à proximité de la Faculté d’odontologie, rapporte le SYNAPOHA. Le Syndicat National des Policiers Haïtiens (SYNAPOHA)...

Actualités

Gen 5 ajan BSAP ki mouri nan echanj kout zam ak lapolis. 3 lòt arive jwenn arestasyon yo epi lapolis sezi yon machin yo....