Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Gouvènman ayisyen an pa mande Etazini bloke polisye k ap kite peyi a nan kad pwogram Biden nan

Gouvènman ayisyen an pa mande Etazini bloke polisye k ap kite peyi a nan kad pwogram Biden nan

Gouvènman ayisyen an demanti enfòmasyon ki fè kwè li mande Etazini pou anpeche polisye kite peyi a nan kad pwogram Biden nan

Nan yon nòt pou Laprès li mete deyò nan dat vandredi 24 mas, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik demanti enfòmasyon kèk medya sou entènèt ki fè kwè gouvènman an ta mande pou otorite migrasyon Etazini anpeche polisye kite peyi a nan kad pwogram imanitè administrasyon Biden mete sou pye depi janvye 2023.

Ministè sila ki gen nan tèt li Émmelie Prophète Milcé souliye pa gen okenn demann ki fèt pou anpeche ajan PNH ki ta chwazi kite peyi a nan kad pwogram « Humanitarian Parole » lan fè sa.

Ministè a tou pwofite mande laprès pou verifye, lè sa nesesè, enfòmasyon yo nan Ministè kilti ak kominikasyon, nan Direksyon jeneral kominikasyon.

Depi pwogram Humanitarian Parole la mete sou pye pou ayisyen ak divès lòt nasyon nan rejyon amerik la, plis pase 10 000 konpatriyòt jwenn otorizasyon pou antre Etazini.

Gouvènman ayisyen an pa mande Etazini bloke polisye k ap kite peyi a nan kad pwogram Biden nan

Dekouvri plis:

Rodolphe Jaar plaide coupable d’avoir fourni un support matériel et des ressources pour l’assassinat de Jovenel Moïse

1 Comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu