Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Okap: Yon gwoup inivèsitè konte renove ansyen kay Antenor Firmin an pou fè l tounen yon sant kiltirèl

Okap: Yon gwoup inivèsitè konte renove ansyen kay Antenor Firmin an pou fè l tounen yon sant kiltirèl
Photo; Djeeneld Photography
Getting your Trinity Audio player ready...

Yon gwoup inivèsitè konte renove kay Antenor Firmin ki nan Okap pou fè l tounen yon sant kiltirèl.

Yon gwoup jèn inivèsitè ki gen nan tèt yo Guesly Michel pran inisyativ pou ta renove ansyen kay kote Antenor Firmin t ap viv nan Okap pou fè l tounen yon espas kiltirèl. Kay sa twouve l nan Ri 18 I-J. Nan sans sa, yon petisyon lanse pa inisyatè yo.

Nan yon ti pale avèk Guesly Michel, responsab inisyativ la fè konnen se nan lide pou valorize patrimwàn peyi a, pou ankouraje aktivite kiltirèl ak entèlektyèl. Pou fyète moun Okap ak pou mete Antenor Firmin nan dimansyon gwo entèlektyèl mondyal li, selon detay li bay ak redaksyon an.

Espas sa gwo entèlektyèl ki rele Antenor Firmin t ap viv la sanse fin kraze, pa vrèman gen anyen ki fèt pou restore espas la. Nan sans sa, jèn yo konte renove kay sa pou l vin yon sant kiltirèl ki ap gen bibliyotèk, sal èspektak ak yon sal ekspozisyon atistik, si n kwè pawòl Guesly Michel.

Pou sa arive fèt ak ansyen kay Antenor Firmin an, li mande yon bidjè. Gwoup jèn sa yo ap tann repons otorizasyon Leta pou pwofesyonèl yo ka fè etid teknik pou espas lan, daprè mesye Guesly.

Nan sans sa, yo lanse yon petisyon pou fè wè ak Leta ki poko reponn nesesite pou Okap gen yon espas kiltirèl nan dimansyon grandè Antenor Firmin.

Nan moman entèvyou a, gen 54 moun ki te getan siyen petisyon an. Guesly Michel rete kwè li dwe pi byen mache nan tan k ap vini yo.

Lyen pou rantre sou petisyon an

Louino Robillard ki se youn nan ko-Fondatè pwojè Konbit bibliyotèk Site Solèy di li pare pou li non sèlman bay sipò ekonomik li men pou li mete konesans li ak eksperyans li a dispozisyon pwojè sa. Se rezon Guesly Michel fè konnen l ap tann plis moun enplike, l ap tann Leta bay otorizasyon pou espas la epi l ap tann tout moun kontribye nan fason pa yo.

Okap: Yon gwoup inivèsitè konte renove ansyen kay Antenor Firmin an pou fè l tounen yon sant kiltirèl

Photo: Djeeneld Photography

Dekouvri plis:

66 ans du Konpa Dirèk: Le ministère de la culture souhaite une bonne célébration aux haïtiens

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Éphéméride

Getting your Trinity Audio player ready... “Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir”, disait Aimé Césaire. Voici l’éphéméride du 18 octobre 2021....