Connect with us

Hi, what are you looking for?

An kreyòl

Haïti: Yvenert Joseph fè 10 pwopozisyon ki kapab ede lapolis la vin pi efikas pou konbat ensekirite a

Haïti: Yvenert Foeshter Joseph fè 10 pwopozisyon ak Polis Nasyonal la epi sektè prive a pou pèmèt polisye yo vin pi efikas pou konbat ensekirite a.

Malgre fèb mwayen, malgre kritik, malgre move konpòtman kèk grenn polisye nan egzèsis fonksyon yo, sa pa anpeche enstitisyon polis la toujou rete kanpe pou pwoteje ak sèvi popilasyon an lè n konsidere jan tach la pa fasil avèk kesyon gang ki pa sispann kale sou bout teritwa a. Aksyon polisye yo poze yo, fè jounalis Yvenert Foeshter Joseph kwè PNH la ka fè travay la epi pwopoze plizyè bagay ki ta dwe fèt pou akonpaye yo. Nan sans, konfrè jounalis la pale dirèkteman ak otorite nan lapolis yo epi moun nan sektè prive yo ki ta dwe pote men nan pwopozisyon li yo.

Nan pòs sa ki disponib sou rezo sosyal yo, Direktè Jeneral RSF la pwopoze pou ta gen yon antrepriz k ap refè inifòm lapolis la, yon fason pou gen kontwòl sou tout inifòm k ap fèt.

Li mande tou pou otorite yo ta jwenn yon akò bis ak Pick-up ak peyi Taïwan pou pote polisye yo lè yo pral travay. Li pale tou sou koze bon dacha 10 mil goud chak 2 semèn ak plizyè lòt pwen li touche tankou koze gaz, kat telefòn Edikasyon elatriye.

Piba n ap pataje ak ou 10 pwen jounalis la pwopoze yo:

1- Monte yon antrepriz tayè piblik pou refè tout inifòm lapolis yo pou tout inite. Sa ap pèmèt PNH gen kontwòl tout inifòm ki fèt, soti oubyen ki chire oubyen epwize. Anplis, anpil ti jèn pral tounen aprann tayè pou yo ka jwenn djòb nan antrepriz-piblik sa;

2- Achte oubyen mande Japon oubyen Taïwan oubyen Kore disid yon èd 50 otobis ak 50 pick up, plis 100 moto pou mennen polisye yo nan travay chak jou. Olye y ap pran menm kamyonèt ak bandi y ap kwape chak jou yo. Chak depatman ap kapab gen yon kantite swivan risk pou polisye yo. Kòtèj la ap gen bis, pikòp ak moto ladan. Donk, nou t ap diminye risk pou polisye k ap vin travay la;

3- Bay polisye yo yon “Bon d’achat” 10 mil goud chak 2 semèn. Kòb sa, se Leta, Bizismann, ak ONG ki dwe met ansanm pou bay li. Y ap kapab al nan makèt, achte manje. Anplis, chak 2 mwa, gwo restoran yo dwe bay polisye ki nan zòn li yo, yon tikè restoran pou yo vin manje ak fanmi yo;

4- Retire jesyon gaz, kat telefòn, manje nan men responsab komisarya yo. Nome yon delege-pwofesyonèl ministè finans pou fè travay sa. Pou manje a menm, retire vant polisye yo nan lari. Nome 2 ou 3 moun nan komisarya yo pou fè manje pou polisye yo. Pa di ka pa gen kote pou kwizin paske kote yo fè manje y ap ba yo kounye a eske nou konn eta li?;

5- Chak lise, lekòl nasyonal ki nan yon zòn ki gen komisarya, yo sipoze retire yon 50 plas an tou pou polisye. Lekòl prive ki vle ka ogmante lis la tou;

6- Pèp ayisyen, nenpòt kote on moun ye, dwe fè yon maraton pou jwenn lajan pou peye yon pwojè pano solè, batri pou chak grenn polisye. Olye n ap peye yon dola 50 san anyen pa janm fèt ak li, ann finanse pwojè pou polis la ka plizoumwen alèz pou l travay;

7- Mete yon rezo famasi, lopital a dispozisyon polisye yo an fonksyon zòn kote yo rete. Pou fasilite aksè ak sante annatandan yon bon sistèm sekirite sosyal pou tout peyi a;

8- Chanje tout direktè deptamantal ki la kounye yo. Tou pwofite bay grad ak teknisyen nan polis la nan plas polisyen-polisye yo. Bay direktè deptamantal yo mwayen pou gen yon bidjè envestigasyon;

9-Monte yon pwojè pou mete kamera nan tout komisarya epi mete kamera ak IP nan tout pwen fiks yo. Fè kòmand 20 mil smartphone pou se ak tel PNH lòd yo pase, operasyon yo planifye;

10- Salè polisye a dwe avi. donk, menmsi li mouri, paran li fèt pou ap touche kòb sa nèt ale. San nou pa bliye veting chak 2 mwa.

Depi nou fè sa yo, menmsi poko gen gwo mwayen ki vini; tonnè boule m ti meye dam yo ap montre nou sa yo peze ak kesyon ensekirite a.

Dekouvri plis:

États-Unis: assassinat d’un jeune rappeur américain de 24 ans

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu