Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Pou rezon teknik, direksyon Imigrasyon anonse li p ap resevwa demann paspò apati vandredi 20 janvye sa

Pou rezon teknik, direksyon Imigrasyon anonse li p ap resevwa demann paspò apati vandredi 20 janvye sa

Pou rezon teknik, direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon anonse li p ap resevwa demann paspò apati vandredi 20 janvye sa.

Nan yon twit Ministè Enteryè fè jodi vandredi 20 janvye a, li anonse Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon kanpe demann paspò apati jodia nan sant li ki nan ri Penchina, Petyonvil epi nan biwo Santral li a ki sou Lali. Toutfwa, biwo Imigrasyon mete kanpe 3 nouvo sant k ap koumanse fonksyone apati lendi 23 janvye. Yon premye nan yo chita nan lokal Jimnazyòm vensan, ri Romen, Pòtoprens epi yon dezyèm nan Pak Sent Terèz, Petyonvil. Twazyèm lan twouve l nan ansyen lokal BNC, Pak Endistriyèl SONAPI, l ap louvri mèkredi 25.

Direksyon Imigrasyon ak Emigration(DIE) fè tout moun konnen, pi espesyalman moun ki gen bezwen fè paspò, a pati vandredi 20 janvye 2023 a, pou rezon teknik, li pa p resevwa demann paspò ankò ni nan Sant li genyen nan ri Penchina, Petyonvil, ni nan Biwo santral li, sou Lali“, se sa ki ekri nan twit Ministè Enteryè a.

Desizyon sa vini aprè demann paspò yo ki vin pi plis aprè koze pwogram Etazini mete kanpe pou Ayisyen, Kiben, Venezyelyen ak Nikaragweyen. Depi anviwon 2 semèn, anpil sitwayen fè ke devan Imigrasyon pou vin fè paspò premye fwa oubyen renouvle. “Mete sou sa, kontribyab Pòtoprens ak zòn ki sou kote l yo, toujou ka ale nan Sant(DIE) ki Delmas 31,ouswa Sant(DIE) ki nan ri Lama sou Chanmas ak Sant(DIE) ki sou wout Taba depoze tou demann paspò yo. Dispozisyon sa yo,se pou jere pi byen kantite demann paspò yo ki vinn pi plis“, se sa twit la presize.

Si Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon p ap resevwa demann paspò nan sant li an ki Petyonvil epi biwo Santral li a ki sou Lali, li mete kanpe twa nouvo sant ki ap koumanse bay sèvis lòt semèn. “Youn nan lokal Jimnazyòm vensan, ri Romen, pòtoprens epi yon dezyèm nan Pak Sent Terèz, Petyonvil. Tou de(2) Sant sa yo ap louvri pou bay sèvis a pati lendi 23 janvye 2023 a (…) Twazyèm Sant la limenm chita sou wout ayewopò, nan ansyen lokal BNC, Pak Endistriyèl SONAPI e lap tanmen travay nan dat mèkredi 25 janvye 2023.

Pou rezon teknik, direksyon Imigrasyon anonse li p ap resevwa demann paspò apati vandredi 20 janvye sa

Dekouvri plis:

PSG vs Al-Nassr/Al-Hilal: auteur d’un doublé face aux parisiens, Cristiano désigné homme du match

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Immigration

Le Canada s’apprête à accueillir jusqu’à 11.000 ressortissants étrangers dont des haïtiens au moyen d’une nouvelle voie humanitaire. Dans une note de déclaration du...

Immigration

La Floride veut punir les employeurs des immigrants illégaux et demande aux hôpitaux de vérifier le statut des personnes admises à partir du 1e...

Actualités

Le gouvernement haïtien a lancé Delidoc, une plateforme de demande en ligne des documents d’identité. Le premier ministre Ariel Henry accompagné du ministre de...

Immigration

Pour se protéger contre les arnaques, l’ambassadeur du Canada en Haïti Sébastien Carrière partage des informations. L’ambassadeur du Canada en Haïti, Sébastien Carrière, a...