Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Izolan deklare pa gen yon rapè ki pi fò pase l nan sektè Rap Kreyòl la

Izolan deklare pa gen yon rapè ki pi fò pase l nan sektè Rap Kreyòl la
Getting your Trinity Audio player ready...

Izolan ki gen bon non Léonard Tout-puissant deklare pa gen yon rapè ki pi fò pase l nan sektè Rap kreyòl la.

Léonard Tout-puissant ki gen non atis Izolan, atravè yon videyo li fè ki gen yon dire 2 minit k ap sikile sou rezo sosyal yo, deklare pa gen yon rapè ki pi fò pase l nan sektè a epi fè konnen se Rap kreyòl ki fè l fè kòb pou l nan biznis kounya. 

Atis Barikad Crew a pou eksplike sa l di a fè konnen li konn fè mizik, mizik li toujou hit. Moun ka chante ni refren ak kouplè yo. “Mwen konn fè mizik, mizik mwen toujou hit. Gen mizik se refren san vès. Men tande mizik pa m, w ap konnen refren an, moun ap konn vès yo. Mwen, mwen konn fè mizik”.

Léonard Tout-puissant pou l te kontinye di l pa nan koze diskisyon ak nèg, nan challenge ak moun pou l montre li pi fò men li di nan panse pa l li konnen pa gen rapè ki pi fò pase l paske pi fò a fòk  yo ka pwouve l.

Yon lòt bò Izolan pa dakò ak nèg k ap di Rap kreyòl se kokorat, pa gen kòb. Ansyen prezidan ekip Akayè FC la di li menm li pa kokorat, li fè anpil bagay nan Game lan, li rantre anpil kote ak Rap kreyòl, li fè kòb ak li. “Si yon moun di se pa nan Rap kreyòl Izo fè kòb li di moun lan manti. Se nan Rap Kreyòl m fè kòb mwen, avan Rap kreyòl kiyès ki te konnen m”.

Izolan fè konnen tout koneksyon li gen kounya se rap la ki ba li l, li fè konnen tou si l nan biznis kounya se Rap kreyòl. 

Izolan konsyan tou li t ap fè mizik paske l te grangou, li bezwen manje. Jodia rap kreyòl ba l manje, li pa t ap fè mizik pou l di l pi fò. Gras ak Rap kreyòl li jere tèt li epi ap ede moun ki nan bezwen kounya. 

Yon videyo ki gen anpil pawòl fò, sensè atis Barikad Crew a deside pale nan yon moman kote anpil lòt atis nan sektè a ap goumen pou tit kiyès ki pi fò.

Izolan deklare pa gen yon rapè ki pi fò pase l nan sektè Rap Kreyòl la

Dekouvri plis:

Démantèlement d’un réseau de faux soldats FAD’H, 9 individus arrêtés

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Grâce au soutien du rappeur Izolan, deux jeunes haïtiennes vont intégrer l’équipe de Managua FC au Nicaragua. Rebecca...

Culture

Getting your Trinity Audio player ready... Le rappeur haïtien Izolan se lance dans une nouvelle aventure artistique avec son propre groupe, “Izolan Groupe”. Jean...

Culture

Getting your Trinity Audio player ready... Le rappeur haïtien Izolan allie musique, engagement social et passion pour le football pour soutenir sa ville natale....

Sports

Getting your Trinity Audio player ready... Football: l’artiste Léonard Tout-puissant connu sous son nom d’artiste Izolan fait son retour à l’Arcahaie Football Club. Neuf...