Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Jade Pinkett revele li separe ak Will Smith depi plizyè ane avan misye te souflete Chris Rock nan seremoni “Oscars” la

Jade Pinkett revele li separe ak Will Smith depi plizyè ane avan misye te souflete Chris Rock nan seremoni "Oscars" la

Jade Pinkett revele nan yon entèvyou li separe ak Will Smith depi 2016 avan misye te souflete Chris Rock nan seremoni “Oscars” la.

Jade Pinkett revele nan yon interview li bay ak Hoda Kotb li separe ak Will Smith depi an 2016 byen avan aktè a te souflete Chris Rock nan seremoni “Oscars” pou yon move blag li estime imoris la te fè sou madanm li. Dam lan nan kad entèvyou sa fè plizyè revelasyon sou sa k konsène relasyon l ak papa pitit li, daprè sa jounal britanik The Guardian rapòte nan yon atik.

“Mwen te fè yon pwomès ke nou p ap janm gen yon rezon pou divòse. Nou pral travay sou nenpòt bagay. Apre sa, mwen jis pa t kapab kraze pwomès sa a”, se sa Jade Pinkett deklare.

Pi lwen, li ta pral kontinye pale de relasyon an pou avwe ke li menm ak Will Smith separe depi 2016 byen avan sa k te rive ane pase nan seremoni “Oscars” la. Jade Pinkett te retounen sou ensidan pou fè konnen li te panse konpòtman Will Smith lan se te yon pyès teyat. “Mwen di tèt mwen se yon sketch. Mwen te di pa gen okenn mwayen pou Will Smith frape l. Se lè l tounen vin chita m ap reyalize se pa t yon sketch.”

Jade Pinkett ak Will Smith marye an desanm 1997, yo gen 2 pitit: Jaden et Willow. Will Smith gen yon lòt pitit gason ki rele Trey li fè ak yon lòt fi nan yon lòt maryaj.

N ap raple 27 mas 2022, Will Smith te souflete Chris Rock nan seremoni “Oscars” la poutèt imoris la te fè yon blag sou kràn raze Jade Pinkett. Aprè aksyon an, aktè a te prezante eskiz li bay Akademi an epi soulinye lanmou fè moun fè bagay moun fou.

Jade Pinkett revele li separe ak Will Smith depi plizyè ane avan misye te souflete Chris Rock nan seremoni "Oscars" la

Dekouvri plis:

André Francois Giroux, nouvel ambassadeur du Canada en Haïti, a pris ses fonctions

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Cinéma

Le duo de policiers joués par Will Smith et Martin Lawrence sont actuellement en tournage du 4ème opus de la franchise Bad Boys Will...

Cinéma

L’acteur américain Will Smith a été interdit de prendre part au gala des Oscars pendant une décennie La sanction est tombée pour Will Smith...

People

Will Smith démissionne de l’Académie des Oscars après avoir giflé l’humoriste Chris Rock en pleine cérémonie des prix. L’acteur américain Will Smith n’a pas...

People

Chris Rock réagit pour la première fois après la gifle reçue lors des Oscars Après avoir été giflé par Will Smith aux Oscars devant...