Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Soti janvye rive desanm 2023, plis pase 126 mil ayisyen rantre Etazini nan kad pwogram Biden lan

Soti janvye rive desanm 2023, plis pase 126 mil ayisyen rantre Etazini nan kad pwogram Biden lan

Soti janvye rive desanm 2023, sou 133 mil ayisyen ki otorize pou rantre Etazini plis pase 126 mil getan vwayaje nan kad pwogram Biden lan.

Daprè dènye chif CBP mete deyò ayè vandredi 26 janvye 2024 la ki gen pou wè ak estatistik pou mwa desanm ki sot pase a, estrikti a fè konnen gen plis pase 133 mil konpatriyòt ayisyen ki jwenn otorizasyon pou vwayaje nan peyi Etazini nan kad pwogram Biden lan men plis pase 126 mil getan rantre sou teritwa ameriken an. Chif sa yo se sou peryòd soti mwa janvye pou bout mwa desanm 2023.

Nan detay CBP bay sou sit li, li fè konnen gen plis pase 327 mil Kiben, Nikaragweyen, Ayisyen ak Venezyelyen rive legalman nan peyi Etazini. Nan chif sa se konpatriyòt nou yo ki pi plis ak 126 mil ki getan rantre. Peyi ki gen mwens moun ki ale kay tonton Sam se Nikaragwa ak 53 mil.

Si plis pase 126 000 ayisyen getan rantre nan pwogram Biden, se plis pase 133 000 ki gen otorizasyon vwayaje. Rès ki poko rantre yo pa gen detay CBP bay sou sa ki ta lakoz men enfòmasyon nan kominote a lèse kwè genyen se pwoblèm biyè avyon yo poko ka achte, gen lòt ki pa gad e-mail yo, genyen tou ki konn poko jwenn kote pou yo desann paske moun ki aplike pou yo a konn di yo klè li p ap ka resevwa yo lakay yo. Konsa tou genyen ki lage kò yo nan lòt peyi ki pa t ret chita ap tann imèl tonbe.

Nan estatik CBP pibliye a li pa neglije raple ak moun k ap fè wout kwochi pou rantre Etazini pou l di yo pa rantre nan bagay konsa pou yo pa mete vi yo an danje lè y ap pran plezi travèse fwontyè.

Soti janvye rive desanm 2023, plis pase 126 mil ayisyen rantre Etazini nan kad pwogram Biden lan

Dekouvri plis:

Le juge Al Duniel Dimanche rectifie et ordonne le dégel des comptes bancaires de Martine Moïse

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu