Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Nan kontra avan maryaj, JLo egzije ak Ben Affleck pou fè sèks ak li pou pi piti 4 fwa pa semèn

Nan kontra avan maryaj, Jennifer Lopez egzije ak Ben Affleck pou fè sèks ak li 4 fwa pou pi piti nan yon semèn.

Si yon bò gen relasyon A$AP Rocky ak Rihanna k ap fè pale de li, yon lòt bò gen relasyon Jennifer Lopez ki gen ti non JLo k ap fè pale tou ak aktè Ben Affleck. Daprè jounal dominiken an Diaro Libre, 2 moun sa yo ta sou wout marye aprè yo te fin fiyanse. Pou moun sa yo arive di “Wi”, gen dokiman avan maryaj ki dwe siyen. Nan dokiman sa gen kondisyon atis Jennifer Lopez fè ak Ben Affleck kote li mande l pou l fè sèks ak li pou pi piti 4 fwa nan yon semèn. 

Daprè medya dominiken an ki t ap rapòte enfòmasyon lòt medya entènasyonal yo, li fè konnen kontra avan maryaj sa pa bay twòp enpòtans ak koze lajan ni byen men pito ak koze fè bagay ki enpòtans anpil pou JLo nan kontra avan maryaj sa. Ben Affleck gen pou obligasyon respekte akò sa si li vle marye. 

Ben Affleck ak Jennifer Lopez te rankontre an 2002 epi ta pral tonbe damou youn lòt, yo ta pral separe an 2004. 18 lane aprè, yo retounen ansanm aprè yo fin fè plizyè lòt eksperyans ak lòt moun.

N ap raple pou ou Ben Affleck gen 49 an divòse an 2017 avèk aktris Jennifer Garner, li fè twa timoun ak li. Jennifer Lopez li menm te marye ak Marc Anthony, li fè marasa pou li epi divòse. Madanm sa ki gen 52 lane kounya t ap vire yon moman ak rapè Drake, jwè base-ball Alex Rodríguez…

Dekouvri plis:

Serena Williams et Lewis Hamilton investissent pour le rachat de Chelsea

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu