Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Juliette Lamour, yon Kanadyèn 18 lane, genyen 48 milyon dola pou premye fwa li jwe loto

Juliette Lamour, yon Kanadyèn 18 lane, genyen 48 milyon dola pou premye fwa li jwe loto

Juliette Lamour, yon Kanadyèn 18 lane, genyen 48 milyon dola pou premye fwa li jwe loto.

Juliette Lamour se non yon etidyan kanadyen ki fè jakpòt nan jwèt aza nan peyi li pou vandredi 3 fevriye pase a. Li genyen 48 milyon dola apre li fin achte yon tikè loto nan Ontario, vil kote li rezide.

Istwa sanble ireyèl men li pase nan peyi Kanada. Nan tiraj « Société des loteries et des jeux de l’Ontario » (OLG) t ap òganize pou mwa janvye pase a, se yon jenn fi 18 lane ki ranpòte gwo lo a. Juliette Lamour gen 48 milyon dola kanadyen apre li fin achte yon biyè nan dat 7 janvye 2023 a. Se pi moun ki jèn ki ranpòte yon kantite lajan konsa nan peyi Kanad, dapre OLG.

Juliette Lamour, yon Kanadyèn 18 lane, genyen 48 milyon dola pou premye fwa li jwe loto

Sa ki pi dwòl nan istwa se pou premye fwa Juliette Lamour jwe loto nan vil. Jenn fanm nan fè konnen se sou konsèy sou granpapa l li pran inisyativ sa. « Li di m : ou fenk gen 18 lane, al achte yon tikè, tante chans », demwazèl la temwanye, dapre pawòl plizyè medya nan peyi Kanada rapòte.

Juliette Lamour k ap etidye byoloji nan vil Ontario di li vle kontinye etid li ane epi palnifye yon vwayaj ak fanmi l nan vakans ete k ap vini la. Li anonse li vle envesti pi fò lajan sa ak èd papa l ki se yon konseye finansye.

En savoir plus:

Le groupe FITISCH composé de plusieurs artistes dont DJ Kemissa dévoile son premier single

 

1 Comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu