Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Kanalizasyon rivyè masak: apati lendi 18 septanm chofè dominiken deside yo p ap pote ayisyen

Kanalizasyon rivyè masak: apati lendi 18 septanm chofè dominiken deside yo p ap pote ayisyen

Repiblik dominikèn: sendika transpò nan peyi vwazen anonse okenn chofè p ap pote ayisyen apati lendi 18 septanm.

Mario Díaz ki se responsab Federasyon Nasyonal Travay è Kretyen Transpò Sosyal yo (FENATTRANSC) anonse desizyon pran pou chofè ki fè pati de estrikti sa pa pote okenn ayisyen lendi 18 septanm k ap vini la akòz travay kanalizasyon k ap fèt sou rivyè Masak. Yon desizyon ki konsène ni konpatriyòt ki legal ni sa ki pa gen papye daprè sa jounal dominiken rapòte.

“Apati lendi k ap vini la, nou entèdi pote moun ki gen nasyonal ayisyèn nan veyikil nou kit li gen papye ou pa genyen. Desizyon sa konsène Gran Sen Domeng ak Vil Pwovens yo pou rezon sekirite epi Ayisyen yo vini yon popilasyon ak pwoblèm ki chaje risk pou nou ak pasaje nou yo”, se sa Mario Díaz deklare.

Desizyon Sendika transpò a pran aprè yon reyinyon biwo egzekitif la ak chofè yo ki pran pozisyon klè sou koze konstriksyon kanal sou rivyè Masak k ap fè anpil pale anpil depi kòmansman semèn lan ki pouse gouvènman dominiken an pran yon pakèt desizyon kont ayisyen.

Sendikalis la presize tou yon chofè ki ta vyole desizyon sa ap tonbe anba sanksyon epi menm mete l deyò nan FENATTRANSC epi ajoute li t ap bon pou lòt sendika yo pran menm mezi ak li pandan l ensiste pou l di ayisyen yo danje nan pote kouto ak lòt zouti pou atake dominiken yo.

N ap raple Prezidan dominiken an Luis Abinader pase lòd pou fwontyè a fèmen depi yè vandredi 15 septanm lan. Li entèdi 9 ayisyen rantre nan peyi l la paske l estime yo se moun k ap ankouraje kanal sou rivyè Masak la. Gouvènman li an deside sispann viza pou ayisyen tou.

Kanalizasyon rivyè masak: apati lendi 18 septanm chofè dominiken deside yo p ap pote ayisyen

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce samedi 16 septembre 2023

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu