Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Kanalizasyon rivyè masak: otorite dominiken kanpe sou delivre viza ak ayisyen epi fèmen fwontyè a

Une délégation du gouvernement a rencontré le comité du canal à Ouanaminthe

Gouvènman dominiken an anonse li sispann viza pou ayisyen epi fèmen fwontyè li ak Ayiti aprè pil ayisyen lanse travay kanalizasyon rivyè masak.

Prezidan dominiken an Luis Abinader k ap dirije Konsèy Nasyonal Sekirite deside jodi lendi 11 septanm lan fèmen fwontyè yo ak Ayiti epi kanpe sou kesyon viza ak ayisyen. Selon medya dominiken yo, desizyon sa pran aprè bouch louvri sou kesyon kanalizasyon rivyè masak.

Daprè enfòmasyon yo, fwontyè terès, maritim ak ayeryen fèmen ant 2 peyi yo jistan pwoblèm rivyè masak la rezoud. Pandan tan sa, Konsèy Nasyonal Sekirite a pran 5 mezi.

Premye mezi a gen pou wè ak entèdi tout moun ki enplike nan konfli sa rantre sou teritwa vwazen an epi pa delivre viza dominiken ak sitwayen ayisyen jiska nouvèl lòd.

Fèmen fwontyè a ki pase pa dajabon epi anvizaje fèmen konplètman fwontyè terès, maritim ak ayeryen si konfli a pa rezoud jedi k ap vini la.

Gen plizyè lòt dezisyon ki pran ankò tankou yon reyinyon bilateral ki anvizaje tou.

Depi wikenn pase ayisyen nan yon mouvman konbit pa sispann kanalizasyon rivyè masak la pou pèmèt dlo wouze jaden yo epi fè fas ak sechrès la .

Kanalizasyon rivyè masak: otorite dominiken kanpe sou delivre viza ak ayisyen epi fèmen fwontyè a

Dekouvri plis:

Trophée des champions: Corventina buteuse et MVP de la finale pour son premier match avec l’OL

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu