Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Kazèk Wilkens Dicette jwenn liberasyon li kont “ranson” aprè move tretman li fin sibi

Kazèk Wilkens Dicette jwenn liberasyon li kont "ranson" aprè move tretman li fin sibi

Aprè anviwon 12 jou bandi moun pa rive idantifye te fin kidnape l, Wilkens Dicette ki se Kòdonatè “CASEC ” 2e seksyon kominal Ti Gwav jwenn liberasyon l jedi swa 6 me a apre pwòch li fin bay ravisè yo lajan.

Viktim lan te kidnape sou wout Dèlma a sa fè 2 semèn. Pandan 2 semèn sa, kidnapè yo maltrete, brile kèk kote nan kò l yon fason pou imilye l.

Mesye Dicette ki t ap entèvni maten an sou antèn Karayib remèsye jounalis yo ak popilasyon Ti Gwav la ki te leve kanpe pou egzije liberasyon l.

Nan mouvman pwotestasyon sa, sitwayen yo te bloke anviwon 3 depatman (Grandans, Sid, Nip). Yo te koule beton sou wout la sa ki te rann sikilasyon machin ak moto enpratikab.

Selon sa nouvèl yo rapòte, Wilkens Dicette twouve l lopital jodia nan kapital la ap pran swen. Eta sante li nòmal men swit ak brile epi move tretman ravisè yo fas ak li, pwòch li mennen li lopital.

N ap raplè w ke Sant Analiz ak Rechèch sou Dwa Moun (CARDH) fè konnen pou mwa avril pase a gen 90 moun ki kidnape anndan peyi a, ki bay yon ogmantasyon 300% ka kidnapin parapò ak mwa mas la

Dekouvri plis:

“L’Union européenne ne compte pas financer le référendum ni les élections”, annonce Sylvie Tabesse

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu