Connect with us

Hi, what are you looking for?

Kenya

Kenya: otorite yo detere kadav 83 fidèl ki t ap jene san manje pou rankontre Jezi

Kenya: otorite yo detere kadav 83 fidèl ki t ap jene san manje pou rankontre Jezi
Getting your Trinity Audio player ready...

Kenya: otorite yo detere kadav 83 fidèl ki t ap jene san manje pou rankontre Jezi sou demann pastè yo.

Nan peyi Kenya chif yo pa sispann monte depi semèn lan aprè dekouvèt polisye yo ap fè nan forè Shakahola ki sou 325 ekta tè, ki nan vil Malindi. Otorite polisyè yo dekouvri kadav 83 moun yo arive detere. Daprè enfòmasyon yo, moun sa yo se fidèl legliz Good News International Church ki ta mouri nan jene pou rankontre Jezi sou demann pastè yo ki rele Makenzie Nthenge ki jwenn arestasyon l depi semèn pase a. N ap raple vandredi 14 avril la, 4 fidèl legliz sa te arive mouri grangou, 11 lòt te arive etène lopital, 3 nan yo te nan yon eta grav.

Lendi an chif yo te bay 73 kò yo dekouvri. Jodi madi 25 lan, jounal rapòte gen 10 lòt kadav lapolis detere nan forè sa nan kad ankèt yo. “Nou jwenn 73 kò nan forè a”, se sa yon polisye ki enplike nan ankèt la te deklare yè lendi a ak AFP.

Pou jodi madi a, jounalis AFP ki te sou plas kote rechèch yo ap fèt la konstate 10 lòt kadav lapolis detere pami yo gen 3 timoun. Sa ki vin pote chif la a 83 fidèl ki mouri.

Bagay sa lage anpil pale anpil nan peyi Kenya. Prezidan peyi Afrik de Lès la, William Ruto kalifye pastè Makenzie Nthenge de teroris. Yon pastè ki te konn ap pwone pou fidèl li yo jene pou kapab rankontre Jezi.

Prezidan peyi a pwomèt gwo sanksyon kont moun sa yo ki ap itilize relijyon pou fè afè yo ak mete yon ideyoloji ki pa dwat ak reyalite a.

Pandan rechèch sa yo, lapolis jwenn sivivan tou. Chif yo bay yo jwenn 31 moun ki lopital akoz eta yo pa fin twò bon.

Kenya: otorite yo detere kadav 83 fidèl ki t ap jene san manje pou rankontre Jezi

Daprè Kwa wouj nan peyi sa, yo te siyale gen 212 moun ki disparèt sa ki ta lèse kwè gen posiblite pou jwenn moun toujou ki mouri. Minis enteryè a, Kithure Kindiki, ta dwe rann li jodia nan forè a.

Pastè Makenzie Nthenge se te yon ansyen chofè Taksi ki fè legliz sa an 2003. An 2017, li te jwenn arestasyon l paske l t ap pwone pou pa mete timoun lekòl sou baz bib la pa rekonèt edikasyon.
Mwa pase a, yo te arete l aprè 2 timoun te mouri grangou sou je paran yo ki t ap gade yo. Pastè a te peye 100’000 shillings ki se lajan Kenya pou l te libere.

Pou kounya, li nan men polis aprè l deside rann tèt li 14 avril pase a. Li te parèt devan tribinal 15 avril la, li gen randevou 2 me k ap vini la pou yo retande l.

Kenya se yon peyi ki chaje anpil kretyen kote pastè legliz pwofite pou fè aksyon malonèt yo fas ak fidèl alyene ki tèt mare.

Dekouvri plis:

La Digicel annonce une augmentation des coûts de ses services

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Monde

Getting your Trinity Audio player ready... Le Chef des armée Kenyan, Francis Omondi Ogolla, et 9 militaires meurent dans un crash d’hélicoptère Le chef...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Des associations patronales écrivent au président du Kenya, William Ruto et espèrent le déploiement de la MMSS en...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... À la suite de la démission du premier ministre Ariel Henry, le Kenya suspend le déploiement de ses...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Les soldats kenyans devraient faire partie du contingent composant la force multinationale de sécurité, mais certains doutent du...