Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Kidnapin doktè Jenny Édouard: “Petits Frères et Soeurs”  anonse fèmti tout enstitisyon li yo

Kidnapin doktè Jenny Édouard Pierre-Lys : "Petits Frères et Soeurs"  anonse fèmti tout enstitisyon li yo

Nan yon nòt ki pote siyati Doktè Jacqueline Gauthier ak mesye Kenson Kaas, anonse ke Òganizasyon an  “Nos Petits Frères et Soeurs” ap fèmen pòt tout enstitisyon l apati demen 3 me a pou egzije liberasyon doktè Jenny Édouard ak tout pitit li bandi anleve.

Desizyon sa pran bò kote responsab yo swit ak kidnapin ki fèt sou yon manb pèsonèl enstitisyon an ki se doktè Jenny Édouard Pierre-Lys ak tout yon pitit gason li ki rele Noah Sacha Pierre-Lys.

Aksyon sa pase yè samdi 1e me 2021 . Doktè Jenny se direktris depatman VIH ak sante kominotè nan lopital Sen Damyen.

Nan sans sa, nòt la enfòme y ap fèmen lopital Sen Damyen nan Taba sof ka ekstrèm ijans y ap resevwa. Sant Sent Jèmèn pou andikape nan Taba ap fèmen. Lekòl Frè Watson Angels of Light nan Taba ak Lekòl Sent Elèn nan Kenskòf ap fèmen tou.

Nòt la presize enstitisyon sa yo ap fèmen jistan Doktè Jenny Édouard ak tout pitit gason l libere.

Koze kidnapin lan pa sispann ogmante ak frape tout sektè anndan sosyete a ki chak tan yo frape reyaji nan fason pa yo pou denonse, pwoteste ak pran desizyon yon fason pou jwenn liberasyon otaj yo .

N ap raple w yè, nan inogirasyon baraj Maryon an , prezidan  Jovenel Moïse fè konnen  80% kidnapin ki fèt anndan peyi a se koz politik. Yon fason pou chèf Leta a montre gen men kache oubyen men politik dèyè fenomèn sa ki sanble tounen yon antrepriz k ap apovri pi plis tout  kouch anndan sosyete a ayisyèn nan.

Dekouvri plis:

Inter Milan kanpe “ejemoni” Juventus la nan peyi Itali.

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Le journaliste et ancien Porte-parole de la Présidence Lucien Jura a été libéré ce jeudi après avoir été enlevé au début de cette semaine...

Insécurité

Des individus armés ont kidnappé le Journaliste senior, Lucien Jura chez lui à Vivy Mitchell. Alors que les gangs armés ne cessent de poser...

Actualités

L’archevêché de Port-au-Prince confirme la libération des six religieuses via une note. Dans une note officielle envoyée à Juno7, le père Marc Henry Siméon,...

Insécurité

Un étudiant de l’Institut National d’Administration de Gestion et des Hautes Etudes Internationales (INAGHEI) enlevé ce lundi 27 novembre à Turgeau. Vertilus Jalson, étudiant...