Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Kidnapin: Zòn Avni Charles Summer bloke, anplwaye MEF ap egzije liberasyon Mackenley Mogène

Kidnapin: Zòn Avni Charles Summer bloke, anplwaye MEF ap egzije liberasyon Mackenley Mogène
Getting your Trinity Audio player ready...

Kidnapin: Zòn Avni Charles Summer bloke, anplwaye Ministè Ekonomi ak Finans ap egzije liberasyon Mackenley Mogène.

Granm bonè maten lendi 27 septanm lan, kawotchou t ap boule nan zòn Avni Charles Summer. Plizyè sitwayen ak kòlèg Mackenley Mogène kontinye ap mande liberasyon l apre endividi te fin kidnape l ak tout yon frè l.

Zòn sa pratikman bloke nan moman atik sa t ap ekri. Kawotchou t ap boule, wòch te gaye sou makadanm lan. Sitiyasyon sa lakoz sikilasyon an paralize nan nivo zòn sa, menm moun gen difikilte pou pase nan espas la akoz dife a ki tèlman monte wo.

Mackenley Mogène se yon jèn kad anndan Direksyon Jeneral Bidjè, ki se yon branch anndan Ministè Ekonomi ak Finans, bwat Leta sa paralize yon fason pou egzije liberasyon sitwayen an. Depi vandredi yo te deja anonse y ap kanpe travay pou jistan ravisè yo libere Mogène.

Endividi kidnape Mackenley Mogène ak tout yon frè l ki rele Herby Lafrance jou ki te jedi 23 septanm lan, zòn Tijo nan ponp gaz Starmart la. Nan dènye pale jounal la te fè ak paran viktim yo vandredi pase, yo te fè nou konnen yo poko gen nouvèl viktim yo.

Vil Ench kote Mackenley Mogène soti, sitwayen yo ap prepare pou lanse mouvman pwotestasyon kont Kidnapin ki fèt sou sitwayen an yon fason pou egzije liberasyon l. Kèk nan sitwayen sa yo deklare yon sèl peche Mogène fè se paske li byen fòme tèt li epi li rete pou sèvi peyi li.

Kidnapin: Zòn Avni Charles Summer bloke, anplwaye MEF ap egzije liberasyon Mackenley Mogène

Dekouvri plis:

Kidnapin sou Mackenley Mogène: Avni Charles Summer bloke, 3 ministè ki nan zòn sa pa fonksyone

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu