Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Komemorasyon 11 lane goudougoudou: BSEIPH òganize yon fòmasyon sou aksè a yon anviwònman bati

Komemorasyon 11 lane goudougoudou: BSEIPH òganize yon fòmasyon sou aksè a yon anviwònman bati

Biwo Sekretè Deta pou Entegrasyon Moun Andikape yo (BSEIPH) òganize nan lokal li, jodi madi 12 janvye a, yon seyans fòmasyon sou tèm “Aksè a yon anviwònman Bati”, pou plizyè etidyan ak diplome nan jeni sivil epi plizyè lòt jèn ki te entèrese, nan kad komemorasyon 11 zan depi yon tranbleman tè devastatè te pase sou peyi a.

Fòmasyon sa te dewoule sou entèvansyon plizyè entèvenan pami yo Gabriel DESGRAVIERS (Kowòdonatè EFS), Jean Evens PIERRE (Travayè sosyal), Fenel BELLEGARDE ( Espesyalis nan Aksesiblite, Andikap ak Akonpayman), Mèt Emilio NEAS (Direktè Kabinè Sekretè Deta Moun Andikape a) ak Franckyl Augustin ki se yon enjenyè sivil.

Sekretè Deta a, madam Soinette Désir, avan dewoulman fòmasyon sa, te pwofite okazyon an pou salye prezans plizyè enjenyè ki te patisipe nan fòmasyon sa epi eksplike poukisa enstitisyon an fè chwa de yo pou fòmasyon sa

“Nou sible enjenyè yo paske nòm aksesiblite yo se nan domèn yo, se yo k ap konstwi, pou kapab fasilite leta vilgarize dokiman legal yo pou moun pa t di yo pa t konnen”, eksplike madam Soinette Désir.

Li te kontinye pou l di ke ” 12 janvye 2021 an, li deklare kòm yon jounen kominikasyon ak refleksyon nan memwa viktim 12 janvye 2010 yo. Katastatwòf sa tou ba nou leson sou fason n ap bati. Mw sonje byen moun sa yo ki te mouri katastatwòf tèrib sa. E mwen salye kouraj moun k ap viv yon kontinye ap lite malgre tout sikonstans lavi a”, epi ajoute ke tranbleman tè 12 janvye pa kite sèlman andikap fizik men l kite tou viktim mantal.

Leta daprè sekretè a ap fè anpil efò pou fè aplike mezi nan fason pou moun bati epi relanse kesyon ekonomik lan, pandan l te pwofite souliye prezans moun ak òganizasyon andikape yo tou ki kontribiye nan rekonstriksyon peyi a

“N ap salye efò leta pou avanse l ap fè pou dwa moun andikape yo ale pi lwen, li enpòtan pou nou nan leta pou nou manye yon pwen ki vizib, e genyen yon lwa sou aksesiblite”, deklare Sekretè Deta pou moun andikape yo.

Fòmasyon sa daprè madam Desir ap fèt nan tout kwen nan peyi a. Leta ap kontinye sansibilize tout sitwayen pou respekte mezi yo, selon sa l di.

N ap souliye pou ou 11 zan apre, konstriksyon yo prèske menm jan, anpil batiman ki konstwi pa respekte nòm konstriksyon yo alevwa pou ta bay aksè ak moun andikape yo sikile fasil nan espas yo. Risk yo toujou la si yon lòt tranbleman ta pase pandan ke s on fenomèn natirèl li pa yon fatalite nou jis bezwen prepare. 11 zan apre okenn preparasyon ki vizib ki met sosyete a sou dout ak laperèz.

Dekouvri plis :

12 janvier 2021: dépôt de gerbe de fleurs au mémorial Saint-Christophe

Plus de contenu

Actualités

Un tremblement de terre de magnitude 5,5 enregistré ce matin entre Abricot et Jérémie. Un séisme de magnitude 5,5 a secoué le grand Sud...

Aktyalite AN KREYÒL

Yon tranbleman de tè 4,8 sekwe kapital Ayisyèn lan aswè a. Kapital Ayisyèn lan sekwe bò 10 zè 56 pandan pasaj yon tranbleman de...

Actualités

Un tremblement de terre de magnitude 5,5 localisé dans la commune de Bombardopolis a secoué le Nord-Ouest d’Haïti. Un séisme de magnitude 5,5 a...

Actualités

Une secousse sismique a été ressentie près de Port de Paix ce dimanche dans la matinée La terre a tremblé dans le département du...