Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Komisè gouvènman Okap la fèmen yon club paske yon fanm mande yon lòt fanm parèy li maryaj anndan l

Komisè gouvènman Okap la fèmen yon club paske yon fanm mande yon lòt fanm parèy li maryaj anndan l
Getting your Trinity Audio player ready...

Okap: yon fanm mande yon lòt fanm parèy li maryaj nan Tipsy’s bar ki nan Ri 23 C, Me Charles Édouard Durand fèmen espas la poutèt kesyon madivin.

Komisè gouvènman Okap la, Me Charles Édouard Durand, fèmen jodi vandredi 5 janvye 2024 la espas Tipsy’s bar ki nan Ri 23 C poutèt aktivite omoseksyèl li estime ki pote atent alapidè epi ajoute pou l di gen moun ki konn pote zam ilegal nan menm espas sa epi agrese mou . Yè swa nan espas sa, yon fanm mande yon lòt fanm parèy li maryaj pandan yon mizik Djakout #1 ki rele “Bag la” t ap woule. Videyo sèn sa vin viral sou rezo sosyal yo kote entènot yo pa sispann kòmante.

“Nou resevwa anviwon 5 plent yè swa pou Tipsy’s bar kote gen agresyon ak zam k ap fèt ladan epi gen aktivite ki pote atent alapidè. Nou menm kòm avoka nan sosyete a nou estime se vrèman malsen. Nou deba nan bar la, nou konfime sa yo bò kote pwopriyetè a”, se sa komisè a deklare nan mikwo jounalis.

Pwopriyetè espas la sou bò pa l fè konnen moun yo vini nan espas la, li menm se biznis li genyen. “Nou pa konnen moun yo se sèlman yo vin konsome lakay nou. Dayè nou pa t konnen si yo t ap vin fè sa”, se sa mèt espas la di pou l montre li pa konn anyen nan sa k fèt la se biznis li ap fè, li pa gen anyen pou wè ak 2 fanm k ap marye.

Sou kesyon zam ilegal komisè a di ki konn gen nan espas la ki ta youn nan rezon li fèmen espas la, pwopriyetè a jis di sou plan jiridik tout sa ki avanse dwe pwouve, yon fason pou l di komisè a dwe bay prèv sou koze zam li di a.

Komisè gouvènman Okap la fèmen yon club paske yon fanm mande yon lòt fanm parèy li maryaj anndan l

À lire aussi :

Un présumé assassin arrêté par la Police du Sud-Est

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu