Connect with us

Hi, what are you looking for?

Politique

Komisyon pou Chèche yon Solisyon Ayisyèn nan kriz la rankontre Daniel Foote ak plizyè lòt sektè

Biwo Akò Montana / Komisyon pou Chèche yon Solisyon Ayisyèn nan kriz la rankontre Daniel Foote ak plizyè lòt sektè
Photo: Ody Bien-Eugene | Juno7

Komisyon pou Chèche yon Solisyon ayisyèn nan kriz la rankontre ak anvwaye espesyal Daniel Foote epi lòt sektè anndan peyi a

Nan yon nòt pou laprès, Komisyon k ap chache yon solisyon ayisyèn ak kriz k ap vale teren anndan peyi a fè konnen li rankontre plizyè sektè ak dirijan asosiyasyon.

Komisyon an nan lide pou ranfòse konsansis li te jwenn 17 jiyè pase a nan otèl Montana deja rankontre òd kontab agreye, Kolèj Enjenyè, Asosiyasyon Medsen, Plizyè Pwofesè Inivèsite Piblik ak Prive ak plizyè pèsonalite.

Nan kad seri rankont sa yo, asosiyasyon sa yo ak pèsonalite yo eksprime apwi yo bay ak inisyativ Komisyon an epi pran angajman pote konkou yo nan ede aplikasyon akò a ak nan preparasyon fèy de wout tranzisyon an, selon sa kominike a rapòte.

10 out ki sot pase la, toujou nan kad ranfòseman konsansis la, Komisyon an fè yon seyans travay ak delegasyon GIPHADREC, Gwoup Pwotestan an Ayiti ak nan djaspora pou rezolisyon kriz la.

Nan menm jou a, yo te resevwa yon delegasyon ki gen ladan l Evalière Beauplan, Walsonn Salomon, Kelly C Bastien, Josué Pierre-Louis. Selon sa Komisyon an di nan kominike pou laprès sa, delegasyon an te eksprime respè l pou travay ki fèt deja epi pote soutyen total li bay aksyon y ap mennen.

Komisyon sa te rankontre tou yè mèkredi 11 out la, anvwaye espesyal administrasyon Biden lan ki se Daniel Foote. Komisyon an fè konnen rankont sa te trè rich, Daniel Foote te pran tout tan pou tande yo.

Moun ki fè pati Komisyon sa se reveran Pè Frantz Georges, Madam Monique Clesca, Magalie Comeau Denis, Myrtha Desulmé, Pasè Jean Kisomaire Duré, Rose Thérèse Magalie Georges, Mèt Louis Joël, Sabine Manigat, Michel Péan, Mèt Rony Maxime, Jacques Ted Saint-Dic ak Anperè ougan Wilfrid Saint-Juste, Alovi Dahomey, Kominote Vodou.

Komisyon pou Chèche yon Solisyon Ayisyèn nan kriz la rankontre Daniel Foote ak plizyè lòt sektè

Photo: Ody Bien-Eugene | Juno7

Dekouvri plis:

Finalement, Kylian Mbappé souhaite la bienvenue à  Messi au PSG

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu