Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

“Soutyen pou Kreyolofoni Syantifik”, yon finansman MENFP mete sou pye pou kore pwodiksyon nan lang kreyòl

"Soutyen pou Kreyolofoni Syantifik", yon finansman MENFP mete sou pye pou kore pwodiksyon nan lang kreyòl
Getting your Trinity Audio player ready...

“Soutyen pou Kreyolofoni Syantifik”, yon finansman Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl mete sou pye pou kore pwodiksyon nan lang kreyòl.

Nan yon sikilè ki pote siyati minis Nesmy Manigat, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse ak popilasyon an, an patikilye manb kominote edikatif la, li mete sou pye yon finansman ki pote non “Soutyen pou Kreyolofoni Syantifik” ki gen pou misyon kore pwodiksyon nan lang kreyòl. Se Komisyon Nasyonal Syans, Teknoloji ak Inovasyon (KONASTI), ki te kreye nan dat 29 jiyè 2022, ki gen manda pou travay sou mizannèv finansman sa a.

 

“Finansman sa ap ede nan pwomosyon, devlopman, valorizasyon ak itilizasyon lang kreyòl la. Anplis FNE, tout lòt aktè ak enstitisyon ki vle pote bourad pa yo, ka kontribye nan pote sipò pa yo bay lang kreyòl la”, se sa sikilè MENFP a fè konnen.

 

Pi lwen, responsab yo souliye plizyè wòl finansman sa pral jwe tankou: Finansman chèchè endividyel, ekip rechèch ou oganizasyon k ap travay pou devlopman lang kreyòl la; Patisipasyon nan ankadreman pèsonel akademik ak syantifik k ap anseye, devlope ou fè pwomosyon lang kreyòl; Patisipasyon nan rezo ak pwogram enténasyonal kreyolofoni ; Bous d etid ki ankouraje rechèch ak echanj syantifik nan lang kreyòl ; Pri syantifik pou ankouraje pwodiksyon nan lang kreyòl tankou memwa lisans, metriz ak tèz doktora.

 

Sikilè sa enfòme MENFP nan tét kole ak Fon Nasyonal Edikasyon (FNE), ap demare ak yon dotasyon inisyal finansman sa a. Lajan sa a daprè responsab yo pral pèmèt finanse aktivite ki prevwa yo, tankou rekonpanse etidyan ki pwodui yon memwa ou tèz nan lang kreyòl. “Pri syantifik endividyèl sa a ap komanse ak senk san mil goud, daprè kritè KONASTI dwe fikse ki dwe baze sou ekselans akademik nan redaksyon travay sa petinans sie a pou transfomasyon Ayiti, Kontribisyon nan avansman konesans nan domèn nan a tout lòt kritè ki nesesè.

 

N ap fè w konnen sikilè MENFP a souliye finansman sa mete sou pye nan Kad jefò k ap fèt pou ankouraje, devlope ak valorize itilizasyon lang kreyòl, epi nan okazyon selebrasyon Jounen enténasyonal lang matènel 2024 la, ak jan sa di nan Arete ki kreye Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) an, nan atik 28, ki mande pou finanse aktivite ansèyman siperyè ak rechèch syantifik.

"Soutyen pou Kreyolofoni Syantifik", yon finansman MENFP mete sou pye pou kore pwodiksyon nan lang kreyòl

À lire aussi :

Le PM Ariel Henry se rend au Guyana à l’occasion de la 46e réunion de la Caricom

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu