Lanfè kidnapin ak ensekirite k ap boulvèse Ayiti kounya se rezilta koudeta 29 fevriye 2004 la, dapre ansyen Jean-Bertrand Aristide.
Nan yon diskou li pwononse jounen dimanch 26 mas la nan kad senkyèm seremoni gradyasyon « Université de la Fondation Aristide » (UNIFA), ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide denonse sitiyasyon katastwòf Ayiti ap travèse depi kèk ane. Pou ansyen prezidan, ensekirite ak kidnapin k ap sakaje peyi a se rezilta koudeta 1991 ak 2004.
Nan kad diskou pou seremoni gradyasyon yon gwoup etidyan nan UNIFA, ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide te pwofite bay dizon li sou kriz k ap sakaje bil peyi a. Ansyen prèt katolik pat mete dlo nan bouch li pou li kritike yon seri gwoup politik ki pran peyi a ak tout pèp la an otaj epi gaspiye lajan Leta tankou Gwoup 184 ak ansyen prezidan Michel Martelly.
« Si koudeta 30 septanm 1991 ak 29 fevriye 2004 pat pote ale konkèt demokratik yo, anpil nan pitit gason ak pitit fi nan peyi a ta dwe prezan pou fè pouse ak fyète ak diyite devlopman Ayiti nou renmen anpil la. Malerezman jou fèy tonbe nan dlo se pa jou a li pouri. Lanfè kidnapin, ensekirite k ap fin detwi peyi a se rezilta koudeta 2004 la », ansyen prezidan deklare sou aplodisman asistans lan.
Ansyen prèt katolik la rapouswiv : « Lavi tout moun menase anba ensekirite kontra sosyal sa. Fòk nou solidè paske soufrans yon ayisyen se pou tout ayisyen.»
Yon lòt kote, lidè karismatik Fanmi Lavalas la denonse kriminèl ak kravat ki dilapide lajan PetroCaribe a ak fon CIRH la. Dapre li, moun sa yo ta dwe anba kòd e non dèyè biwo. « Èske kriminèl petwokaribe yo entèlijan ? Nan rebati Ayiti ak manti pwenti, manti pakoti, manti sou manti, manti ki pa fouti pa manti, si yo pa entèlijan yo pran pòz yo entèlijan-an ! Kot plas yo ye ? Dèyè biwo ou dèyè bawo ?»
Pou Aristide, si peyi a chaje ak moun entèlijan toujou gen yon ti gwoup zwililit ki « entèlijan-an » nan fè mal. « Ensekirite a, kidnapin nan fè nou tout mal. Priz gaz lavi chè, blakawout 24/24 la fè nou tout mal, kout jilèt chomaj la fè nou tout mal, flanm dife grangou a fè nou tout mal paske nou tout se frè ak sè. Jodi, demen, fòk nou libere anba fo kwafè ki vle kale tèt nou wòz », Aristide di.
Ansyen prezidan pwofite okazyon sa pou li kritike atitid otorite yo ki bay bandi legal baryè lib pou teworize popilasyon an epi fè jèn yo pati peyi a. « Yo dòmi reve pouvwa, vire tounen pouvwa pou toujou pran pèp la an otaj, pouvwa pou dechèpiye san pèp la pa jwenn anyen, pouvwa pou fè jèn yo pati kite peyi a blanch. Plan rekolonizasyon an klè, lè nou di Ayiti pou Ayisyen, bandi legal yo jwenn kat blanch pou bay Ayiti san Ayisyen ».
Li rapouswiv : « Frè m sèm kite inosan peye pou koupab se t ap yon gwo erè. Di tout moun koupab, se tap yon gwo tonton erè. Kwaze bra n pou mal la vin pi mal se yon kokenn erè. Se pou sa mwen swete nou tout ki reprezante fòs ekonomik ak fòs politik louvri lespas pou pèp la pote fòs pa l nan akouchman sekirite a.»
Pou ansyen prezidan, tout akò kote pèp la deyò pap kapab ede nan rezoud kriz plizyè dimansyon Ayiti ap sibi depi kèk tan. « Tout akò ki pa fè kò ak pèp la ankò se akòdeyon, akòdeyon pou chante DO-RE-MI-FASIl sou do pouvwa. Fòs pèp la endispansab pou akouchman sekirite a ». Pati Fanmi Lavalas ki te siyen Akò Montana te kraze kite sa nan dat 28 janvye 2022 akoz chwa pèsonalite ki te dwe dirije tranzisyon ripti siyatè Akò sila ap pwone depi kèk tan. Dapre Fanmi Lavalas, te gen konfli enterè nan pwosesis la.
Fòk nou siyale, ak seremoni sila, Université Fondation Aristide mete sou mache travay 230 diplome pami yo 95 jenn medsen, 22 enfimyè, 24 jiris, 18 enjenyè, 14 dantis, 16 achitèk ak 30 diplôme fakilte syans reyabilitasyon.
Dekouvri plis:
2 bandits tués à Caradeux alors qu’ils rançonnaient des gens