Connect with us

Hi, what are you looking for?

An kreyòl

Lapolis arete nan ayewopò Panama 2 kolonbyèn ki kache kokayin anba perik ki nan tèt yo

Lapolis arete nan ayewopò Panama 2 kolonbyèn ki kache kokayin anba perik ki nan tèt yo

Lapolis arete nan ayewopò Tucumen nan Panama 2 fanm ki gen nasyonalite kolonbyèn ki kache kokayin anba perik ki nan tèt yo.

Lapolis nan peyi Panama arete 2 fanm ki gen nasyonalite kolonbyèn ki t ap eseye pase nan ayewopò Tucumen ak kokayin nan fo cheve yo pou ale nan peyi Lespay, daprè sa jounal dominiken Diario Libre fè konnen anndan yon atik.

Selon jounal nan peyi vwazen an, vandredi pase a lapolis ta pral mete lapat nan yon premye tan sou youn nan medam yo paske kwafi ki te nan tèt li a te parèt biza ak perik la. Skanè ta pral revele gen dwòg ki kache anba perik sa. Li t ap pote anba perik sa 68 “konprime dwòg” .

Kèk èd tan aprè, Pakè nan peyi sa ta pral anonse arestasyon yon dezyèm fanm avèk 67 pakè tache nan tèt li anba perik lan.

Tou 2 medam sa yo pral devan tribinal pou akizasyon trafik entènasyonal estipefyan.

Panama se prensipal pòt kokayin ki sot nan Amerik di Sid pase pou rantre sou teritwa amerik santral la. Kolonbi se youn nan kote ki gen etikèt sou do l kòm peyi anpil trafik kokayin fèt.

Lapolis arete nan ayewopò Panama 2 kolonbyèn ki kache kokayin anba perik ki nan tèt yo

Dekouvri plis :

Pierre R. Odney part en Suisse pour participer à la 110e session de la Conférence Internationale du Travail

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sécurité

Un individu arrêté pour trafic de drogue à Capotille. Il avait en sa possession 1,2 kilo de cocaïne. Une patrouille de la Police Frontalière...

Sécurité

Haiti- Nord: arrestation de Wadner BELONNE, alias Jamaïque, un présumé trafiquant de stupéfiants Dans le département du Nord, plus précisément à Barrière Bouteille, les...

Actualités

PNH : Deux policiers arrêtés pour trafic de stupéfiants dans le Nord James Désire et Fabert Jean-Louis sont les noms de deux agents de...

Actualités

À Fonds-Parisien, deux individus ont été interpellés pour possession de de cocaïne Un coup filet réalisé lundi 27 juin à Fonds-Parisien par les agents...