Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Lapolis dominiken arete yon ayisyen paske yo estime li derespekte Luis Abinader sou TikTok

Lapolis dominiken arete yon ayisyen paske yo estime li derespekte Luis Abinader sou TikTok

Repiblik dominikèn: lapolis arete yon ayisyen 44 lane ki rele Jude Charles paske yo estime li derespekte Luis Abinader sou TikTok.

Jounal Listin Diario rapòte yon ayisyen ki rele Jude Charles ki gen 40 lane jwenn arestasyon l paske li ta manke respè ak figi prezidan dominiken an Luis Abinader sou kont TikTok li ki se @charlesjude17. Fòs lòd yo arete l epi pral voye l bay otorite imigrasyon yo pou swit nesesè.

Daprè medya dominiken an, lapolis arete konpatriyòt ayisyen an nan zòn Santa Lucía ki twouve l nan minisipalite de Las Matas, Santa Cruz. Yo arete l aprè kontwòl ak trasaj kont TikTok li ki te fèt pa ajan direksyon ransèyman nan polis nasyonal dominiken.

Daprè sa ki rapòte, ayisyen an te fè konnen nan pawòl li, Luis Abinader pa merite respè, li ap pwovoke ayisyen. Deklarasyon sa yo fèt poutèt koze kanal la sou Rivyè Masak kote gouvènman dominiken an pran yon pakèt mezi ki kòmanse nan fèmen fwontyè, sispann viza ak ayisyen epi entèdi 9 ayisyen pile teritwa peyi vwazen an.

Ayisyen sa ta sipoze ale nan men otorite direksyon jeneral migrasyon ki ka pimpe l tounen Ayiti pou respè yo estime li manke ak Abinader.

Lapolis dominiken arete yon ayisyen paske yo estime li derespekte Luis Abinader sou TikTok

Dekouvri plis:

L’ambassadeur dominicain en Haïti convoqué par le ministère des affaires étrangères

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

L’ex-ambassadeur Smith Augustin propose à Luis Abinader et à Ariel Henry une solution diplomatique pour résoudre le conflit sur la rivière Massacre. L’ex ambassadeur...

Actualités

Conflit haïtiano-dominicain autour de la rivière Massacre: l’artiste américain d’origine haïtienne, Jason Derulo, lance un appel à l’unité et pense que les eaux sont...

Actualités

Fermeture de la frontière haïtiano-dominicaine : le secrétaire général de l’ONU Antonio Guterres demande une dérogation à la République Dominicaine pour des raisons humanitaires....

Actualités

La présence des militaires dominicains à la frontière est un appel à la guerre, d’après l’ancien président Leonel Fernández. L’ancien président dominicain Leonel Fernández...