Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Lapolis touye 3 bandi nan baz 400 Mawozo epi sezi 2 zam

Lapolis touye 3 bandi nan baz 400 Mawozo epi sezi 2 zam

Lapolis anonse li tire 3 bandi nan baz 400 Mawozo epi sezi 2 zam.

Kowòdinasyon près relasyon piblik PNH la enfòme gen twa bandi nan baz 400 Mawozo ki rive bwè dlo bouch yo jodi madi 10 oktòb la aprè echanj kout zam avèk 2 blennde ki te gen ajan UTAG. Pami endividi ki mouri yo genyen youn ki rele Wesly Victor ki gen non “Ti il”. Fòs lòd yo sezi 2 zam nan kad operasyon sa.

“Nan kad entansifikasyon operasyon lapolis nan komin Kwadèboukè, twa bandi ki soti nan 400 Mawozo, pami yo Wesly Victor, alyas “Ti il”, mouri nan echanj kout zam ak 2 machin blende UTAG, nan zòn Despinos, Wout Nasyonal #3, nan aprèmidi madi 10 oktòb 2023 sa a”, se sa nòt la fè konnen.

2 zam ki gen mak AR15 kalib 5,56 ak yon Mossberg kalib 12, sezi pa polisye UTAG yo ki te nan operasyon sa ki gen pou wè ak mezi wo kòmandman an pran pou ogmante operasyon lapolis nan komin Kwadèboukè.

Nòt la fini pou l di PNH la detèmine pou l kontinye operasyon li yo ki gen pou objektif kraze gang nan tout 4 kwen peyi a.

Lapolis touye 3 bandi nan baz 400 Mawozo epi sezi 2 zam

Dekouvri plis:

Le Gouvernement haïtien se dit consterné par l’attaque du Hamas contre l’État d’Israël

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu