Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Etazini: lapolis touye endividi ki te asasinen 2 ayisyen yo

Etazini: lapolis touye endividi ki te asasinen 2 ayisyen yo

Etazini: lapolis touye Jason Pass, endividi ki te asasinen 2 ayisyen dimanch ki sot pase a.

Lapolis nan Nouyòk touye granm bonè mèkredi premye novanm lan Jason Pass, 47 lane, ki te akize nan lanmò Bladimy Mathurin ak bofis li Chinwai Mode ki se 2 ayisyen. Daprè sa jounal New-York Post rapòte anndan yon atik, prezime asasen an te atake polisye yo ak yon kouto ki pa t gen lòt chwa tire l jistan li ale mouri sou kabann lopital.

“Li atake yo ak yon kouto 6 pous. Li ba n ba nou chwa”, se sa yon sous polisyè konfime ak jounal ameriken an epi kalifye konpòtman Jason Pass la de yon zak swisid.

Lapolis fè konnen Jason Pass resevwa 4 katouch (3 nan nivo vant li). Li te nan yon eta kritik ki fè yo te pote l ijans nan lopital, se la li pa t ka reziste ak blesi yo, li ta pral rann dènye souf li.

Jason Pass tiye dimanch pase a nan yon apatman Flatbush Gardens nan Brooklyn, Bladimy Mathurin ki gen 47 lane tankou l ak Chinwai Mode ki gen 27 lane ki se 2 ayisyen. Zak malonèt sa fèt aprè yon bouch louvri pou koze bri moun yo fè twòp nan kay la.

Asasen an te komèt zak sa, li te getan sove, lapolis te vin dekouvri idantite l ak vizaj li jistan li mouri maten an aprè wondonmon li t ap fè ak polisye yo kote li te atake yo ak yon kouto.

Etazini: lapolis touye endividi ki te asasinen 2 ayisyen yo

Dekouvri plis:

Mgr Pierre-André Dumas lance un appel pour un réveil citoyen et la prise en main de notre destin de peuple

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu