Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Sòti 14 avril pou 7 me, lekòl ki anrejistre sou sit MENFP a ap ka enskri elèv yo nan egzamen ofisyèl 9e ane yo

Sòti 14 avril pou 7 me, lekòl ki anrejistre sou sit MENFP a ap ka enskri elèv yo nan egzamen ofisyèl 9e ane yo

Sòti 14 avril pou rive 7 me, lekòl ki anrejistre sou sit MENFP a ap ka enskri elèv yo nan egzamen ofisyèl nevyèm ane Fondamental.

Nan kad yon konferans pou laprès minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Nesmy Manigat, bay jodi jedi 13 avril 2023 a, anonse enskripsyon pou elèv nevyèm ane fondamantal yo ap ka fèt sòti demen vandredi 14 avril la pou bout 7 me men se lekòl ki anrejistre deja sou sit ministè a nan kad operasyon anrejistreman anliy lan k ap ka fè sa. Operasyon deklarasyon anliy lan ki te demare pou lekòl prive tankou piblik yo 27 mas pase a ap bout 28 avril k ap vini la.

“A pati vandredi 14 avril 2023 sa a, tout lekòl piblik tankou prive ki gen tan fè deklarasyon yo sou platfòm entènèt ministè a (www.menfp.gouv.ht) ap kapab demare avèk pwosesis enkripsyon kandida pou egzamen ofisyèl 9e ane fondamantal yo”, se deklarasyon minis Nesmy Manigat pandan konferans pou laprès sa.

Daprè eksplikasyon responsab yo, se 2 pwosesis k ap fèt an menm tan: Lekòl k ap anrejistre tèt yo pou jis 28 avril epi menm lekòl ki fin anrejistre yo ki ap gen posiblite enskri timoun yo pou egzamen soti vandredi 14 avril pou 7 me. “Yon lekòl fin deklare tèt li, l ap tou jwenn otorizasyon Direksyon depatmantal edikasyon kote li ye pou li enskri elèv 9e ane fondamantal yo. Si li posib li kapab fè enskripsyon an pandan youn ou plizyè jou.”

Minis edikasyon nasyonal la ankouraje lekòl yo ki poko deklare tèt yo pou yo fè sa prese prese. Si yo gen difikilte yo kapab chèche sipò nan Biwo distri eskolè yo ou byen nan Direksyon depatmantal yo, daprè sa l di pandan l souliye “Ane sa a p ap gen « ka espesyal » paske se platfòm ministè a k ap gen pou jere kesyon an, e l ap fè sa pou tout lekòl ki suiv tout etap pwosesis la.”

Depi responsab la fini fè deklarasyon lekòl la, l ap resevwa tousuit yon mesaj elektwonik k ap di l li gen otorizasyon pou antame pwosesis enskripsyon kandida yo. Se nan menm moman sa a li va resevwa Gid ki va ede l nan diferan etap pwosesis la.

Direktè Biwo nasyonal egzamen Leta yo (BUNEXE, an franse), Renan Michel, raple ttravay enspektè lekòl yo pa chanje. “Responsab lekòl yo ap toujou depoze fòmilè enskripsyon yo nan DDE yo ansanm avèk fich ki pwouve yo peye labank pou chak elèv ki pral patisipe nan egzamen sa yo. Kantite kòb lekòl la peye a dwe koresponn ak kantite elèv la”, daprè detay li bay.

Frè enskripsyon an se mil goud. Okenn elèv ki nan 9e ane fondamental, nan kèlkeswa lekòl li ye anndan peyi a pa dwe peye yon santim an plis pou enskripsyon sa a, daprè sa Otorite MENFP yo fè konnen.

Responsab yo nan ministè a, pandan konferans pou laprès sa a, te ensiste anpil pou mande dirijan lekòl yo pou yo genyen nan men yo, lè y ap fè enskripsyon an, akdenesans elèv yo, yon fason evite erè fèt nan non, siyati ak nan dat nesans yo.

Sòti 14 avril pou 7 me, lekòl ki anrejistre sou sit MENFP a ap ka enskri elèv yo nan egzamen ofisyèl 9e ane yo

Dekouvri plis:

L’ambassade d’Espagne en Haïti invite les gens à participer à la foire d’art et d’artisanat du Village de Noailles

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu