Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Kidnapin: Etidyan UP yo te leve kanpe jodi a pou mande liberasyon pwofesè Abdias Edumé

Kidnapin: Etidyan UP yo te leve kanpe jodi a pou mande liberasyon pwofesè Abdias Edumé

Etidyan Inivèsite Pòtoprens yo (UP) te mobilize jodi a pou denonse zak kidnapin ki fèt sou youn nan pwofesè yo ki se Abdias Edumé.

Abdias Edumé ki kidnape sa gen anviwon 3 jou po ko ka relache pa ravisè yo ki mande yon sòm lajan. Nan sans sa, etidyan yo te lanse mouvman pwotestasyon an devan lokal inivèsite a bò 9 vè nan maten.

Etidyan yo te pran chèz, biwo ki te anndan inivèsite a epi bloke antre 1e, 2e ak 3e riyèl Rivyè. Blokaj sa te rive menm devan lokal rektora UEH la. Yon mobilizasyon ki te fèt san boule kawotchou anba je prezans polisye ki te vin rive sou plas pou kontwole sitiyasyon an.

Etidyan sa yo, nan revandikasyon yo t ap mande liberasyon Abdias Edumé yo di ravisè yo mande fanmi an 1 milyon dola ameriken, yo t ap rele aba kidnapin k ap fèt yo.

Selon eksplikasyon yon etidyan nou te arive pale ak li apre mouvman sa, li fè konnen polisye yo te mande yo retire barikad yo, men yo te arive pale ak polisye yo pou fè yo konnen se jis yon revandikasyon. Polisye yo te fini pa kite yo revandike, selon eksplikasyon etidyan sa.

Etidyan yo anonse yon mach pou demen samdi 10 zè nan maten k ap demare devan lokal inivèsite a, monte Boudon pou ale devan OPC, ale devan ministè Jistis epi retounen kote mach la te koumanse a.

Juno7 ap souliye pou ou tou te gen gwo mouvman nan Tigwav jodi vandredi 19 fevriye a , kote popilasyon an mande liberasyon pwofesè Abdias Edumé.

Dekouvri plis:

Les États-Unis réitèrent leur soutien au pouvoir judiciaire

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Insécurité

Haïti : 83 cas de kidnapping recensés en juillet 2023 par le Centre d’Analyse et de Recherche en Droits de l’Homme (CARDH). Le Centre...

Insécurité

Kidnapping: l’état de santé de la journaliste Blondine Tanis se dégrade, Denel Sainton appelle à sa libération. Le journaliste de la RTVC, Denel Sainton,...

Actualités

La Solidarité des Femmes Haïtiennes Journalistes (SOFEHJ) demande la libération de la journaliste Blondine Tanis. À travers une note de presse en date du...

Sécurité

Haïti : le CARDH a recensé 150 cas d’enlèvements entre avril et juin 2023, soit une baisse de 61, 4% La République d’Haïti a...