Connect with us

Hi, what are you looking for?

People

Lil Wayne deklare li twò rich, li bezwen yon madanm

Lil Wayne deklare li twò rich, li bezwen yon madanm

Lil Wayne ki se yon rapè ameriken fè konnen li gen twòp lajan li bezwen yon madanm.

Rapè ameriken an Lil Wayne deklare 29 janvye 2022 a, sou kont Twitter li, li bezwen yon fanm paske l twò rich san l pa bay twòp detay. Pòs sa ap pataje sou tout rezo sosyal yo kote anpil moun plis pran deklarasyon an pou yon blag.

Rapè a te deja marye ak Toya Jhonson men relasyon an te arive kraze. Sa pa gen twò lontan se avèk mànkèn Denise Bidot li t ap jere yon relasyon. Gen enfòmasyon ki te lèse kwè 2 moun sa yo ta pral marye, sa nou konstate ki pa rive janm fèt. 

Nan yon live Instagram, atis la te fè konnen ak Nicky Minaj li toujou selibatè sa ki ta fè anpil moun panse li pa ak Denise Bidot ankò, gen moun tou ki kwè se jis yon blag men konsène a pa bay detay sou relasyon  li te genyen ak mànkèn lan.

Pou anpil moun yo pa ta ansanm ankó, se ta rezon sa ki ta pouse rapè a di piblikman li bezwen yon madanm yon fason pou l ta soti tèt li nan vi selibatè a paske selibatè pa dous, pa gen moun ki pou chofe w pa yon jwèt. 

N ap pwofite raple w bon non Lil Wayne se Dwayne Michael Carter Jr,  29 septanm ki gen pou vini la pral fè l 40 lane. Li fèt Nouvèl Òleyan, Luizyàn, peyi Etazini, li se papa 4 pitit. Li se rapè, pwodiktè, antreprenè epi estilis. Depi 1995 li koumanse aktif nan domèn mizik.

Premye album li ki rele  Tha Block Is Hot te soti nan lane 1999, li te pran disk platin. Li gen 13 album nan karyè l, dènye a soti an 2019 li rele Funeral.

Lil Wayne deklare li twò rich, li bezwen yon madanm

En savoir plus:

Des pluies diluviennes ont causé des inondations dans la ville du Cap-Haïtien

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

États-Unis

Plus de 70 personnes graciées par Donald Trump dont son ancien conseiller Steve Bannon et le rappeur Lil Wayne La maison blanche annonce, dans...