Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Luis Abinader entèdi 9 sitwayen ayisyen pami yo Luckner Désir ak Jacques Sauveur Jean pile teritwa l ap dirije a

Luis Abinader entèdi 9 sitwayen ayisyen pami yo Luckner Désir ak Jacques Sauveur Jean pile teritwa l ap dirije a

Kanalizasyon rivyè Masak: prezidan Luis Abinader entèdi 9 sitwayen ayisyen pami yo Louko ak Jacques Sauveur Jean pa rantre an Repiblik dominikèn.

Prezidan dominiken an Luis Abinader pase lòd ak direktè jeneral imigrasyon l Venancio Alcantara Valdez, pou l pa kite 9 sitwayen ayisyen rantre sou teritwa Repiblik dominikèn. Pou chèf Leta dominiken an, moun sa yo se pwovokatè ki ap sipòte kanalizasyon k ap fèt sou rivyè Masak la. Nan lis sa gen Luckner Désir moun konnen sou non Louko, ansyen senatè Jacques Sauveur Jean ak plizyè lòt ankò, selon sa Listin Diario revele.

Lis la gen ladan l:

Louko Désir, jounalis, animatè Maten Deba, Wanique Pierre, ansyen senatè Nòdès; Ardouin Zéphirin, ansyen konseye espesyal Jovenel Moïse; Jacques Sauveur Jean, ansyen senatè Nòdès ki se mizisyen tou; Jeantel Joseph, direktè jeneral BSAP ; Nader Joaceus, ansyen minis TPTC, Jean Baptiste Aimé, ansyen senatè Nòdès epi konsil nan Dajabón; Wideline Pierre, ansyèn direktris depatmantal ministè anviwònman nan Nòdès ak Camel Samson yo akize kòm moun k ap bay lajan pou kanal la fèt.

Jodia Luis Abinader anonse apati demen fwontyè peyi l ak Ayiti ap fèmen apati 6è nan maten. Sa vle di fwontyè terès, maritim ak ayeryèn p ap fonksyonèl pou 2 peyi yo.

Aprè anons sa, plizyè konpatriyòt ayisyen rantre volontèman Ayiti ak fanmi yo kite Repiblik dominikèn.

Luis Abinader entèdi 9 sitwayen ayisyen pami yo Luckner Désir ak Jacques Sauveur Jean pile teritwa l ap dirije a

Dekouvri plis:

Conflit autour de la rivière Massacre : Nènel Cassy demande à la population de se ranger aux côtés des compatriotes de la frontière

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Repiblik dominikèn: lapolis arete yon ayisyen 44 lane ki rele Jude Charles paske yo estime li derespekte Luis Abinader sou TikTok. Jounal Listin Diario...

République Dominicaine

Le vendredi 15 septembre 2023 à 6 heures du matin, le président dominicain ordonnera la fermeture totale de la frontière avec Haïti. Les débats...

Monde

Ça ira très mal pour les membres des gangs haïtiens s’ils viennent sur le territoire dominicain, prévient le président Luis Abinader. Le président dominicain...

Santé

Pour la deuxième fois, le président dominicain Luis Abinader est testé positif au Coronavirus. Le porte-parole de la présidence dominicaine, Homero Figueroa, a annoncé...